Asosiyasyon Ayisyèn nan Gewosyans (Géo-Hass) ak Enstititi Siperyè Anviwònman ak Amenajman Teritwa (ISEAT) an kolaborasyon ak CONCERN, òganize jou ki te 7 ak 8 me 2021 an, 2 jounen refleksyon nan lokal kanmpous Henry Christophe Inivèsite Leta nan Limonad, yon fason pou komemore pasaj tranbleman tè ki te pase nan Nò peyi a 7 me 1842 epi devaste depatman sa.
Objektif komemorasyon sa ki te trennen dèyè l 2 jounen refleksyon se pou raple ak popilasyon ayisyèn lan espesyalman moun nan Nò ke peyi a toujou anba menas tranbleman tè oubyen goudou goudou.
Nan okazyon an, manb òganizatè yo te reyalize konferans deba, atelye similasyon anndan espas Kanmpous Henry Christophe Inivèsite Leta nan Limonad.
Aktivite sa te reyini kad Inivèsite a, sismològ, ekspè nan risk natirèl ak chèchè. Pami yo te gen enjenyè Claude Prépetit, Louis-Marc Pierre, Fleuristin Henricot, Claudel Noël, yo te entèvni pandan atelye prezantasyon syantifik yo, nan objektif pou pataje eksperyans yo, fè prevansyon, jere epi bay reponn fas ak risk sismik nan rejyon Nò a sitou.
Aktivite sa te dewoule sou tèm « Le Risque sismique dans la région du Nord: son histoire, ses caractéristiques, ses manifestations, enjeux et perspectives ». Te gen plis pase 300 etidyan ki twouve yo nan inivèsite rejyon gran Nò a ki te patisipe nan 2 jounen komemorasyon sa.
Panelis yo te ensiste sou nesesite pou otorite yo travay sou yon nouvo plan ki kapab ranfòse teritwa a pou pèmèt nivo vilnerabilite popilasyon gran Nò a bese epi relanse ekonomi zòn lan fas ak lòt tranbleman ki gen pou fèt.
Apre pasaj tranbleman tè sa nan depatman Nò a, an 2010 kapital ayisyèn lan te konn yon gwo tranbleman tè tou ki te fè anpil dèy, detui vil la, mete anpil moun nan lari. 11 lane aprè, anyen sanse pa janm fèt pou alète moun yo sou danje ki genyen jan y ap konstwi elatriye. Tranbleman pa yon fatalite, se pare pou n pare!
Dekouvri plis:
Dekana Fakilte Lengwistik Aplike mande pou nouvo paspò ayisyen an “bileng”