Plizyè estrikti politik ki siyen akò 21 desanm nan mande pou chita pale fèt pou jwenn bout ensekirite a epi mete kontinye mete kanpe KEP a.
Yon gwoup siyatè Akò 21 desanm 2022 pami yo SDP, FUSION, INITE, Verite, NOULHA, Veye yo, elatriye, plede pou aktè politik yo ak manb sosyete sivil la fè yon chita pale. Inisyativ sa ap pèmèt yo jwenn solisyon ak ensekirite k ap boulvèse peyi a epi kontinye mete KEP a sou pye, dapre estrikti sila yo.
Nan yon nòt pou laprès yo pibliye jounen 24 avril la, 8 estrikti politik ki siyen Akò 21 desanm nan fè konnen yo te kwè Gouvènman an ta pral mete ak HCT a pou reyalize tab dyalòg sou sekirite a jan konsansis 21 desanm lan te vle l la. Men jiskaprezan, yo di yo poko wè rezilta tout pawòl ak aksyon sa yo. « Nou toujou ap tann jan Premye minis la te dil la, li pral fè lame a travay ak lapolis la pou kwape gang yo. Nou panko wè rezilta tout aksyon sa yo, nou konprann anviwònman an malouk men li enpòtan pou nou kòm pati politik ki dwe toujou rete kote popilasyon an poun wè klè ki kote n’ap bouske lespwa pote pou li », siyatè nòt sa ekri.
Sou menm lanse a, estrikti sila yo mande manm HCT yo plis dilijans pou rive reyalize tab konsètasyon politik yo. Yo fè konnen yo disponib bò kote pa yo e ta kontan chèchè tout lòt gwoup ki renmen peyi a ki pa ka fè yo konplis destriksyon tout fòs fè nwa yo pwograme pou nou an.
« Mete tout divizyon dèyè, an nou chita ansanm pou n mete bout nan koze ensekirite sa, poun kontinye Nan mete kanpe KEP epi fè bon jan eleksyon kap mete peyi a sou ray demokrasi ak « Etat de droit », estrikti sa yo di pandan yo raple batay pou lendepandans lan ak souverènte, se zansèt nou yo ki te fè l, nan kole fòs yo ansanm.
Pi lwen, pati politik sa yo mande premye minis Ariel Henry pou li pase pawòl li yo an aksyon pou popilasyon an santi tout bon vre gouvènman l ap dirije a konprann doulè li. « Fòk ou kreye konfyans ak jwenn estrateji ak mwayen pou Lapolis kontinye jèfò li ak lame a epi travay tout bon ansanm janw te anonse l la. N’ap raple li ijan pou peyi a jwenn tout ekipman ki te kòmande yo pou ede nan mete bout ak fenomèn gangsterizasyon sa », yo mande.
Siyatè nòt la bat bravo pou travay lapolis dènye jou sa yo nan plizyè katye nan depatman Lwès
Reprezantan pati politik ki siyen nòt sa pwofite tou pou salye travay lapolis ap fè dènye jou sa yo nan plizyè katye anndan peyi a sitou nan depatman Lwès. Yo mande pou otorite konpetan yo bay kò sila mwayen materyèl pou kontinye fè travay li.
« Nou vle remèsye lapolis pou tout jefò li fè nan dènye tan sa yo pou retabli lòd ak lapè nan katye yo, patikilyèman nan zòn Lwès la malgre kontrent yo. Nou di PNH mèsi pou sa li fè nan Laboul ak nan Kabarè pou limite dega yo, men gen anpil travay toujou ki dwe fèt », nou kapab li nan nòt sila.
Malgre jefò lapolis ap fè, siyatè nòt la di yo konstate mwayen yo pa toujou disponib. Yo mande Ariel Henry pou li kontinye fè plis jefò ak plis vijilans pou jwenn pi bon mwayen pou fè lespwa reboujonnen nan tèt popilasyon an. « Chay la lou anpil, gen lòt peyi zanmi pèp Ayisyen an ki travèse moman nan istwa yo, kout men teknik, materyèl, lojistik pa yo ak lòt ankò t’ap pote yon gwo bourad nan lit pou retabli sekirite nan 4 kwen peyi a. Nou mande pou koperasyon sa yo tabli pi vit posib pou yo operasyonèl nan lide pou ede PNH la nan travay li », estrikti sa yo ekri.
Yon lòt kote, yo mande popilsayon an pou li kanpe debou, kòtakòt ak fòs lòd yo nan bay enfòmasyon k’ap pèmèt yo idantifye pi rapid epi arete tout bandi kèlkeswa kote yo sere. « Nou konnen anpil nan nou oblije kite kay nou, gen anpil nan nou ki pèdi tout sa nou te genyen, se pou sa n’ap mande Gouvènman an fè tout sa ki posib pou ede moun sa yo tounen lakay yo », siyatè nòt sa soulinye.
Dekouvri plis:
Corruption: Edwine Tonton, la directrice de la CAS, placée en détention