Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

“Benyen, bwè dlo souvan, evite bwè bwason ki gen alkòl”, kèk konsèy MSPP pou lite kont vag chalè a

"Benyen, bwè dlo souvan, evite bwè bwason ki gen alkòl", kèk konsèy MSPP pou lite kont vag chalè a
Getting your Trinity Audio player ready...

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon pote kèk konsèy pou popilasyon an ka pwoteje kont vag chalè a.

Dènye moman sa yo li fè cho anpil nan peyi d Ayiti ak plizyè lòt kote sou bout tè a, nan sans sa Ministè Sante Piblik ak Popilasyon pote kèk konsèy pou popilasyon kapab aplike pandan vag chalè a tankou bwè dlo chak 2 èd tan epi mete rad lejè ki pa fè cho.

Nan konsiy sa yo, responsab MSPP yo mande popilasyon an pou bwè dlo chak 2 èd tan evite bwè bwason ki gen kafeyin, sik ak alkòl ladan yo.

Nan seri mesaj sa yo, MSPP envite moun yo mete rad lejè ki fèt ak twal ki ka pèmèt kò a respire pi byen nan peryòd vag chalè a.

Otorite lasante yo konseye moun k ap fè espò yo pou evite fè l nan mitan jounen men pito nan aprèmidi ak lè li fè fre.

Lè yon moun santi li ekspoze anba solèy la, MSPP ankouraje yo kouvri tèt yo ak chapo oubyen parapli epi mete linèt solèy.

MSPP envite moun yo rete kote ki fè fre, repoze ak benyen oswa aplike twal mouye sou kèk pati nan kò a.

Vag chalè a ka pote plizyè siy ak sentom tankou : swe souvan, po w frèt epi pal, tanperati kò a anba 40⁰ C, feblès oswa vètij, tèt fè mal ak kranp.

"Benyen, bwè dlo souvan, evite bwè bwason ki gen alkòl", kèk konsèy MSPP pou lite kont vag chalè a

À lire aussi:

11 juillet 1825 : La France reconnaît l’indépendance d’Haïti contre le paiement de 150 millions de francs

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu