Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Edgard Leblanc Fils swete fèt Sen Jan Batis la ap pi bèl lòt ane nan Miragwa n

Edgard Leblanc Fils swete fèt Sen Jan Batis la ap pi bèl lòt ane nan Miragwa n

Nan okazyon fèt Sen Jan Batis la nan Miragwa n, prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils di l swete fèt la pi bèl lòt ane.

Jodi lendi 24 jen 2024 la make dat selebrasyon fèt Sen Jan Batis nan Miragwa n. Nan okazyon an, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils ki soti nan zòn sa a voye yon gwo kokennchenn salitasyon bay pitit zòn nan pandan l swete yo bòn fèt.

Nan mesaj li a, Edgard Leblanc Fils di l remèsye toudabò Reveran Pè Jean Charles Wisly, kire ko-katedral Sen Jan Batis la pou selebrasyon espesyal fèt ane sa a. Li pwofite pou l remèsye tou, majistra kominal la, madam Anne Myriam
Loiseau pou envitasyon li te fè l pou l prezan nan fèt la, men responsablite l genyen jodi a nan tèt Leta a, kòm Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, pa pèmèt li nan selebrasyon fèt la ane sa a.

“Mwen remèsye tout manm Komite Preparasyon fèt patwonal ane sa a pou antouzyas, devouman ak chalè kè kontan yo mete nan tout katye pou fè vil la pwòp, bèl” se sa nou ka li nan deklarasyon Edgard Leblanc Fils la. Toujou nan diskou l, Edgard Leblanc di piu depatman Nip, l ap ankouraje anpil envestisè vin pote kole pou bay ekonomi an jarèt, kreye travay, bouste lespwa ak lavi nan tout komin yo.

Edgard Leblanc Fils swete fèt Sen Jan Batis la ap pi bèl lòt ane nan Miragwa n

À lire aussi:

Le président William Ruto a remis le drapeau kényan au premier contingent de policiers en route pour Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le président du Kenya, William Samoei Ruto a eu un entretien avec le Conseil Présidentiel de Transition autour du déploiement de la MMSS. Sur...

Politique

La présidence tournante du CPT adoptée, Edgard Leblanc Fils s’oppose et appelle au respect de l’accord du 3 avril Une réunion s’est tenue ce...

Aktyalite AN KREYÒL

Biwo Suivi Akò Montana (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon 4 sektè nan Konsèy prezidansyèl la fè pou mete Edgard Leblanc...

Politique

Ce mardi 30 avril 2024, lors d’une réunion au Villa d’Accueil à Musseau pour élire un président du Conseil Présidentiel de Transition (CPT), Edgard...