Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Esther Surpris mande Anie Alerte fwote bouch li atè pou l pa janm nonmen non li ankò

Esther Surpris mande Anie Alerte fwote bouch li atè pou l pa janm nonmen non li ankò

Aprè Anie Alerte (Zile) fin di Esther Surpris pa menm ka chante mizik « Ase m » lan byen, atis la pa t pran tan pou reponn li epi di l pa nonmen non l, fwote bouch li atè.

Yon nouvo zen sou wout pou eklate nan endistri mizikal ayisyen an ant 2 chantèz ki se Anie Alerte ak Esther Surpris. Nan yon live anndan yon studio pandan l t ap fè cheve li, Anie Alerte ki gen non Zile kounya reponn kesyon yon fanatik anba live sa ki genlè t ap konpare l ak Esther. Anie tchuipe epi fè konnen Esther pa menm ka chante mizik « Ase m » lan byen menm. Konsène a pa t pran tan pou reponn nan yon videyo epi fè Anie Alerte konnen pou l fwote bouch li atè paske li pa zanmi l, li pa konnen l, pou l pa nonmen non l. Li di Anie Alerte li pa zenyèz tankou l, li se yon fanm klasik.

« Pa di m w ap pale de Esther Djapot. Esther Djapot pa menm ka chante mizik Ase m lan byen menm. Kounya w ap pale de Esther (tchuipsss). Kounya m ap pale de mwen menm, Rutshelle, Bedjine, Dena…Philissia Ross, kounya n ap di m Esther Djapot. Esther pa menm ka chante mizik Ase m lan byen non », se konsa Anie Alerte te reponn.

Li te kontinye epi ensiste pou l di : « non Esther pa ka chante ak li » epi menm ajoute pou l di ba l Esther sou sèn. Yon fason pou l montre jan l t ap bat li nan koze vokal ak konn chante.

Esther Surpris sou bò pa l di Anie Alerte pa lonmen non li pwochèn fwa. « Lè w nan studio w ap fè cheve w ou santi w anvi site non, site non fanmi w, site non manman w, site non papa w. Pa site non m paske w pa konnen m ditou. »

Esther Surpris di Anie Alerte yo pa zanmi, li pa konnen l epi kesyone pou l mande atis parèy li a si se yon zen l ap chache, si se bezwen li bezwen rabese l.

Esther Surpris voye Anie Alerte chache zenyèz parèy li pou l fè jan de bagay sa yo. « Mwen se yon fanm trè klasik. M pa nan joure, monte ak monte desann. M santi se yon bagay w ap chache men ou p ap jwenn li. »

Pou fini, Esther Surpris voye Anie Alerte fwote bouch li atè paske l pa vle Anie Alerte panse li ka betize ak karyè l. « Ou ka di tout sa w vle men pa betize ak karyè m. Pa fè m sa. Ou pa konnen m, ou p ap janm konnen m. »

Esther Surpris mande Anie Alerte fwote bouch li atè pou l pa janm nonmen non li ankò

Dekouvri plis:

Le DHS met officiellement fin au « programme Biden » et donne aux migrants jusqu’au 24 avril pour quitter les États-Unis

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu