Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini: Yon lekòl elemantè deside aprann timoun yo leson nan lang kreyòl ayisyen an

Etazini: Yon lekòl elemantè deside aprann timoun yo leson nan lang kreyòl ayisyen an

Etazini: yon lekòl elemantè deside aprann timoun yo leson nan lang kreyòl ayisyen an.

Rolling Green Elementary School se non lekòl sa ki chita kò l Boyton Beach-Florida, Etazini, ki deside montre timoun yo leson nan lang kreyòl ayisyen an ak anglè. Timoun sa yo ap patisipe nan yon pwogram 2 lang lekòl sa mete sou pye, daprè sa jounal lokal ameriken West Palm Beach TV ( WPTV) rapòte anndan yon atik semèn ki sot pase a.

Daprè chif jounal la kominike genyen 10 mil timoun ayisyen nan zòn Palm Beach lan, se yon fason pou atenn kominote ayisyen lekòl la vin ak pwogram sa. Lekòl elemantè Rolling Green sou bò pa l gen 60% timoun ki se pitit ayisyen k ap frekante espas li an.

Lekòl sa vini sèl espas nan zòn Floride la kote timoun yo ka aprann de kreyòl a anglè. « Sèten nan yo, yo tande krèy, men yo pa pale », se sa Patricia Michele ki se yon anseyant nan espas la deklare ak jounal.

Nan klas madam sa, se kreyòl sèlman ki pale. Leson yo, afich ki sou mi klas la, tout se kreyòl, daprè sa jounal ameriken an souliye.

Objektif la se pou pèmèt ak pil timoun sa yo posiblite pou aprann nan lang y ap tande chak jou lakay yo a. « Kominote a te vle yon bagay konsa, bagay yo yon bagay konsa se yon bagay nou fyè anpil », se sa Direktris lekòl la, Allyson Manning deklare.

Jameson Stell ki se planifikatè pwogram pou distrik eskolè konte Palm Beach lan fè konnen gen timoun ki plis alèz nan anglè, genyen se kreyòl, li fè konnen yo gen posiblite resanti konfò sa nan lang matènèl yo ak nan lit pwodiktiv dezyèm lang lan y ap aprann menm tan.

Jounal la fè konnen yon lòt lekòl elemantè ap kòmanse pwogram sa lòt ane nan espwa pou elaji l nan kolèj ak lise.

Etazini: Yon lekòl elemantè deside aprann timoun yo leson nan lang kreyòl ayisyen an

Dekouvri plis:

Pérou : accusé d’avoir violé une ouvrière, un député est suspendu par le congrès

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

États-Unis

Konnen dwa ou ak ICE, yon gid enpòtan pou kominote imigran yo nan Etazini. Nan yon moman kote kesyon imigrasyon yo vin de pli...

États-Unis

Plus de 3 800 hectares sont partis en fumée en quelques heures, et plus de 31 000 personnes ont reçu des ordres d’évacuation et...

États-Unis

Candace Chapman Scott a volé et vendu des parties de corps humains via un réseau criminel impliquant plusieurs États. Une affaire choquante et morbide...

Actualités

Les États-Unis ont salué l’arrivée en Haïti de nouveaux membres de la Mission Multinationale de Soutien à la Sécurité (MMSS) conduite par le Kenya....