Chèf CSPN lan, Claude Joseph ki te gen ak li DG lapolis la Léon Charles, te rankontre laprès aprèmidi a pou pale sou kesyon ankèt k ap mennen pou arive fè limyè blayi sou dosye asasina Jovenel Moïse.
Martine Moïse anfòm selon Claude Joseph
Nan lapawòl li te pran, Claude Joseph te pwofite avan li bay Léon Charles pale koze sansib yo, enfòme popilasyon an ke madam Martine Moïse ki te touche pa bal nan atak sou mari l arive sibi yon operasyon yè epi rasire ke eta madan ansyen prezidan an anfòm.
Li te kontinye pou l di li pale plizyè fwa yè ak Martine Moïse epi konfye ke l se premye moun madan ansyen chèf Leta a te rele pou di l li anfòm, li pa bezwen enkyete.
Pi lwen nan deklarasyon l yo, Claude Joseph k ap jere peyi a depi aprè lanmò Jovenel Moïse raple yon lòt fwa ke prensipal preyokipasyon l se ankèt la pou prezidan Jovenel Moïse kapab jwenn jistis, pou madanm li kapab jwenn jistis, pou pitit koup prezidansyèl la kapab jwenn jistis, pou alye l ak zanmi l kapab jwenn jistis.
Claude Joseph voye remèsiman bay popilasyon an ki te gade kalm yo, ki te kopere ak lapolis pou mare kolonbyen yo ak 2 ameriken yo, ki akize nan lanmò Jovenel Moïse.
Apre entèvansyon l yo, Claude Joseph te pase lapawòl bay DG lapolis la Léon Charles pou eleman nouvo sou ankèt la.
18 kolonbyen arete, 5 nan mawon, 3 mouri
Léon Charles nan eksplikasyon yo fè konnen gen 2 nivo ankèt ki koumanse sou dosye lanmò prezidan an. Youn se ankèt administrativ k ap fèt nan Enspeksyon Jeneral polis la kote enspeksyon jeneral pran mezi konsèvatwa kont responsab diferan inite ki te an chaj pou sekirize prezidan an.
Epi gen yon ankèt jidisyè DCPJ ap kondui ki nan yon faz trè avanse si n kwè chèf polis la. Ankèt sa idantifye 26 kolonbyen ki fè pati kòmando yo di ki atake rezidans prezidan an nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè. Soti vandredi pou jodia gen youn ki rekipere avèk apui popilasyon an, gen yon lòt ayisyen lapolis arete, selon Léon Charles.
Pou kounya, 18 kolonbyen an detansyon sa vle di ki arete, 5 an kaval, 3 mouri. Gen 3 ayisyen nan men lapolis, 2 nan yo ki te la deja yo te prezante epi yon nouvo lapolis arete wikenn nan la.
Christian Emmanuel Sanon, yon eleman enpòtan nan ankèt PNH la
Ayisyen ki arete dènyeman la rele Christian Emmanuel Sanon, li gen 63 lane, li fèt nan komin Marigo. Li te pran kontak ak yon fim envestigasyon lè l te rive Ayiti nan yon avyon prive. Fim envestigasyon sa responsabl kesyon sekirite, sitwayen sa te pran kontak pou l te ka rekrite kèk moun ki patisipe nan atak sou Jovenel Moïse la, selon detay DG Léon Charles.
Li te rapousib ak detay yo pou di Christian Emmanuel Sanon te rantre Ayiti nan koumansman mwa jen an kote l te akonpaye de moun sa yo ki t ap asire sekirite biznis li, tèt pa l tou nan yon premye tan. Misyon an ta pral vin chanje selon Léon Charles ki di lapolis la rekeyi enfo sa yo nan pale ak bandi kolonbyen yo an prezans yon entèprèt ki otorize pou fè sa. Yo te prezante bay youn nan kolonbyen yo yon manda pou y al arete prezidan Jovenel Moïse. Se la operasyon an vin monte tou epi 22 lòt vin rejwenn ekip la, daprè Léon Charles toujou.
Pou kounya, Christian Emmanuel Sanon sou kontwòl lapolis, konpayi envestigasyon ki responsab sekirite a, sitwayen sa te an kontak la, se yon fim venezyelyen ki baze nan peyi Etazini, ajoute Léon Charles.
Nan menm detay yo, Léon Charles fè konnen aprè nèg yo te fin fè zak asasinay sou prezidan repiblik la, premye moun yo te rele se Christian Emmanuel Sanon, ki li menm ta pran kontak ak 2 lòt moun.
Léon Charles enfòme pou di lapolis jwenn lakay Christian Emmanuel Sanon yon kepi ki ekri DEA, 6 etui(pòch) pou fizi ak pistolè, yon ventèn bwat katouch 9 milimèt, 4 plak imatrikilasyon dominiken, chajè pistolè, 2 machin, nòt korespondans ki adrese ak plizyè sektè anndan peyi a.
Plizyè gwo antite nan peyi Kolonbi deside pote kolaborasyon yo nan ankèt la pou ede otorite bò isit dekouvri kilè kolonbyen yo kite Kolonbi, kiyès ki peye tikè pou yo, ak kiyès yo te an kominikasyon, sous finismam yo, selon sa Léon Charles rapòte nan kad enfòmasyon li t ap bay yo.
Léon Charles asire ke lapolis la, gouvènman an detèmine pou avanse sou otè krim yo. Li mande popilasyon an kontinye kolabore ak polis la pou poze lapat sou 5 lòt kolonbyen ki lage deyò a nan mawon.
En savoir plus:
Haiti: Joseph Lambert, proclamé président provisoire, annonce la poursuite des négociations