Nan yon nòt pou laprès ki pote siyati dwayen Renauld Govain, dekana Fakilte Lengwistik egzije ak Leta ayisyen pou mete paspò a nan 2 lang ki se kreyòl epi fransè.
Anndan nòt sa, dekana fakilte a deplore konpòtman Leta a ki neglije bay valè ak lang kreyòl la, lè li deside mete nouvo paspò sa senpman an fransè.
Pou manb dekana yo, yo estime moun k ap deside anndan Leta a toujou bliye lang kreyòl la lè y ap pran desizyon ki gen anpil enpòtans.
Nòt la pran egzanp tout biyè lajan yo ki nan 2 lang, eksepte biyè mil goud la Leta mete an fransè pandan daprè dekana a se biyè sa ki gen plis valè.
Nòt la kritike tou Leta ki mete tay tèks fransè yo pi gwo pase tay sa ki an kreyòl yo sou nouvo kat idantifikasyon nasyonal la.
Dekana a raple lè paspò a pa t gen mansyon « Caricom » nan li te bileng. Sa ki pouse dekana fakilte a kesyone sa k fè li pa ka bileng ankò? Èske nan tèt Leta se retire kreyòl la nan paspò a pou n ka patisipe nan kominote karayibeyen an?
Fas ak tout pwoblèm sa yo, Fakilte a mande ak otorite konsène yo pou pran dispozisyon korije erè sa. Dekana a mande pou rantre livrè ki te deja enprime yo, yon fason pou mete enfòmasyon yo an kreyòl tou.