Jodi samdi 3 avril 2021 an ki make jounen nasyonal mouvman fanm ayisyèn, anpil òganizasyon feminin melanje ak plizyè lòt kouch anndan sosyete a te mache pou mande respè konstitisyon 1987 la Jovenel Moïse swete chanje pa vwa referandòm, pou di aba ak diktati epi ensekirite. Pami pèsonalite piblik juno7 te remak nan mach sa , se anyenn minis Kilti a Magalie Comeau Denis epi ansyenn minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm yo, Marjory Michel ki se tou dirijant Fanm Angaje ki se youn nan pwensipal estrikti ki òganize mach sa jounen samedi 3 avril 2021 an .
Mach sa ki te soti Kafou Ayewopò te gen ladan l anpil moun ki te mache soti depi Kafou Ayewopò , pase sou Nazon, monte Avni Martin Luther King pase Bwavèna epi desann sou Channmas kote mach sa tap ale bout sou Plas Konstitisyon 1987 la .
Gaëlle Bien-Aimé ki se dirijant Nègès Mawon epi yon nan òganizatris mach sa te pale nan mikwo laprès pou eksplike rezon li menm pèsonèlman te foule beton an, jodi 3 avril la.
« 35 lane de sa mwen pot ko menm fèt, medam yo te sòti pou yo di kat la pap rebat san yo. Mwen sòti pou mwen di aba diktati, mwen soti paske antanke sitwayèn peyi a se pou mwen l ye tou fò m ka viv ladan l ».
Pascale Solage sou bò pa l, atravè mesaj pou te fèmen jounen manifestasyon sa, te pwofite fè istorisite dat 3 avril la pou di kote l sòti pou rive jodi a. Pi lwen, responsab estrikti Nègès Mawon an eksplike rezon ki fè jodi a medam yo foule beton an yon lòt fwa ankò se fas ak sitiyasyon terè ki blayi anndan peyi a anba je sitirè otorite yo, daprè sa li di.
Mach sa te gen anpil òganizyon ak gwoupman fanm ladan l, pami yo Fanm Angaje, SOFA, Dantò, Fanm MTV Ayiti ki te sou pankat ak mayo, Fanm Yo La, Nègès Mawon , Fanm Vannyen elatriye. Moun yo te mache ak anpil pankat ki make Aba diktati, anba referandòm , kanpe goumen li ye elatriye.
Pou listwa, n ap fè w konnen dat 3 avril la vini aprè yon mouvman leve kanpe anviwon 30 mil fanm te fè nan kapital la ak kèk vil pwovens nan lane 1986 pou di fòk kat la rebat fanm dwe gen menm dwa ak gason , fòk sa ekri anndan manman lwa peyi a. 10 lane aprè, ki ta vle di 3 avril 1996, feminis yo te dekrete anndan palman ayisyen an 3 avril la se jounen nasyonal mouvman fanm ayisyèn, nou se yon nan ra peyi nan mond lan ki gen jounen nasyonal pou mouvman fanm.
Dekouvri plis:
L’Ambassade d’Haïti aux USA ne reçoit plus de demande de passeport en urgence