Fanmi Lavalas fè konnen solisyon peyi Dayiti chita nan men ayisyen pandan li envite aktè politik ak ekonomik yo chita pale.
Nan yon nòt pou laprès ki pote siyati komite egzekitif Fanmi Lavalas la, pati politik la plase kèk mo sou kriz sosyopolitik ak ekonomik la epi fè konnen solisyon an se nan men pitit peyi a li ye pandan l envite chak aktè nan sektè politik ak ekonomik anndan peyi a pou chita ansanm nan respè youn pou lòt.
Nan nòt sa, Fanmi Lavalas rete kwè si chodyè lamizè a pa chavire p ap gen solisyon pou popilasyon an. Nan sans sa, li envite chak grenn aktè pou dyaloge youn ak lòt pandan l fè konnen solisyon an se nan men pitit peyi a. « Si n pa chavire chodyè mizè sa a, pap gen lavi miyò pou Ayiti. Solisyon Ayiti chita nan men Ayisyen.
Mobilizasyon kont sistèm koripsyon sa a pa dwe kanpe. Nou tout ki pa dakò ak entèvansyon militè etranje, an n mete enterè Peyi n avan ni anbisyon pouvwa politik, ni anbisyon pouvwa ekonomik », nou ka li anndan nòt sa pandan l ajoute: « Nou tout ki reprezante fòs ekonomik ak fòs politik, lè a rive pou n chita nan respè youn pou lòt. Wi, lè a rive pou jwenn ansanm, kijan n ap bloke machin ensekirite k ap simen lanmò toupatou nan peyi a. Wi, li pa twò ta ».
Pati politik fè yon rapèl sou soufrans pèp la ap andire moman sa yo pandan l montre kote pwoblèm sa yo soti. « Peyi a, e sitou majorite pèp la, ki se premye viktim lan, sibi anpil akoz koudeta
sou koudeta, enjerans kominote entènasyonal la, koripsyon, enpinite, ak yon pouvwa ki osèvis
mafia ekonomik lan. »
Nòt sa souliye tou depi aprè koudeta 29 fevriye 2004 kont ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, li fè konnen bagay yo vin plis dejenere anndan peyi a. « depi koudeta kidnaping 29 Fevriye 2004 la, okipasyon peyi a lakòz plis koripsyon, plis masak nan katye popilè yo, plis ensekirite, plis enpinite, plis grangou, plis mizè, plis bra ekonomik ki fè alyans ak plis gang k ap fouye twou lanmò a chak jou pi plis. »
Anndan menm nòt sa, Fanmi Lavalas raple tout kalte pwoblèm popilasyon an ap andire yon sèl kou la tankou koze gaz la, pwoblèm prizonye yo nan Penitansye ak kesyon maladi kolera a ki reparèt tèt li nan yon move moman. « Pandan epidemi kolera retounen vin touye plis moun, prizonye yo ap mouri anba ni maladi, ni grangou, ni move tretman lajounen kou lannwit. Kanta ogmantasyon pri gaz la menm, li tonbe sou tèt nou tout tankou yon bonm lanmò. »
Nòt sa siyen pa Komite Ekzekitif Fanmi Lavalas ki gen ladan l Doktè Maryse Narcisse, Mèt Joël Edouard Vorbe, Doktè Jean Myrto Julien ak Agronòm Anthony Dessources.
Dekouvri plis:
Le taux de référence calculé par la BRH pour ce jeudi 13 octobre 2022