Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

Fritz Jean deklare lespwa ap vini nan yon konsansis politik nasyonal pou frennen efondreman peyi a

Le PM Ariel Henry «rêve ou il ment s’il annonce qu’il va monter un CEP sans une paix politique», selon Fritz Jean

Fritz Jean deklare lespwa ap vini nan yon konsansis politik nasyonal pou frennen efondreman peyi Dayiti.

Prezidan eli Akò Montana a Fritz Alphonse Jean nan yon mesaj pre anrejistre adrese l ak nasyon an sou kriz sosyopolitik k ap toumante bil peyi a depi plizyè jou. Nan diskou li an, li montre sa k rive la yo kiyès ki lakoz, li fè yon apèl ak konsyans ki ka debouche sou yon konsansis politik nasyonal pou frennen efondreman peyi a epi raple pwojè refòm Akò Montana te pwopoze yo.

Nan kòmansman diskou li a, Fritz Jean fè yon konsta grav de sa k ap pase nan peyi a ki bay anpil lapenn. « Se avèk anpil lapenn n ap viv sitiyasyon kawo jeneralize sa a nan lakou peyi Dayiti, kote menm enstitisyon sosyal tankou, lekòl, lnivèsite, legliz, elatriye pa epanye ».

Prezidan eli Akò Montana a lage chay kawo sa sou yon gwoup moun ki vyole sistèm politik, ekonomik ak sosyal la ki toujou derefize tabli sou pwoblèm fondalnantal sa yo ak ekite, etik, responsablite epi kouraj. « Kawo jeneralize sa a se konsekans vyolans sistèm politik, ekonomik ak sosyal la, movèz gouvènans ki tabli nan Leta a depi byen lontan », daprè pawòl Fritz Jean.

Pi lwen anndan diskou l la, Fritz Jean kwè se menm kawo sa ki lakoz popilasyon an leve kanpe kont ogmantasyon pri gaz la. « Si jodia ogmantasyon pri gaz la ka sèvi grenn alimèt pou limen dife KAWO a se paske tout baz KAWO a te konstwi deja. Kawo sa se tradiksyon yon dèt sosyal lou ki sou do peyi a ».

Li envite tout sektè pran konsyan fas ak sa k ap pase yo anndan peyi a. « Nou konnen vyolans sistèm ekonomi-politik ak sosyal sa a marye ak move gouvènans ki mennen nou nan gwo dezespwa, lage nou nan chomaj, grangou, ensekirite, sove kite peyi a (migrasyon), men m ap di nou, nou pa dwe kite dezespwa mennen nou nan move chimen. Lespwa ap vini nan yon konsansis politik nasyonal pou frennen efondreman an epi pran wout pou konstwi yon lòt peyi ansanm ».

Nan fen diskou li a, Fritz Jean raple refòm Akò Montana a te pwopoze pou rekonstwi peyi a. « Nouu dwe atake pwoblèm dappiyanp yon ti ponyen moun fè sou Leta, pwoblèm koripsyon, kontrebann ki anjandre ensekirite e anpeche Leta jwenn lajan pou bay popilasyon an sèvis. Se nan mennen refòm pou rann enstitisyon Leta yo solid nap rive kreye kondisyon pou rezoud pwoblèm fondal natal sa yo. Se Travay sa a nou pwopoze nan Akò Montana pou Tranzisyon Koupe Fache a. », daprè sa l di.

Le PM Ariel Henry «rêve ou il ment s’il annonce qu’il va monter un CEP sans une paix politique», selon Fritz Jean

Dekouvri plis:

Après l’attaque contre sa maison, Edmonde Beauzile sommée par Youri Latortue de rétracter ses allégations

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Les tensions entre Haïti et la République dominicaine persistent, mais le président du Conseil de transition haïtien, Fritz Alphonse Jean, appelle à la relance...

Actualités

Le président du CPT s’est entretenu avec le secrétaire d’État américain Marco Rubio ainsi qu’avec plusieurs dirigeants caribéens au sujet de la coopération régionale...

Politique

Installé à la tête du Conseil Présidentiel de Transition (CPT) en remplacement de Leslie Voltaire, Fritz Alphonse Jean place la sécurité au cœur de...

Politique

Le Conseiller-Président réaffirme l’engagement de l’État à éradiquer la violence et à construire un avenir de paix pour Haïti. Dans un communiqué, le Conseiller-Président...