Connect with us

Hi, what are you looking for?

Confidences

Yon jèn demwazèl avwe li te fè pwostitisyon pou l peye inivèsite l

Yon jèn demwazèl avwe li te fè pwostitisyon pou l peye inivèsite l

Yon jèn demwazèl 26 lane avwe nou li te fè pwostitisyon pou l peye inivèsite l.

Lyse ki se yon jèn demwazèl ki gen 26 lane sou tèt li ap rakonte nou kijan li te fè antre nan pwostitisyon pou li te kapab peye etid inivèsitè li. Daprè sa li di, eksperyans lan pa t fasil ditou e yon fwa li te menm panse a swisid. Se youn nan rezon ki fè aprè plizyè lane nan pratik la, li te deside bay vag.

Pwostitisyon se youn nan pratik ki trè prezan nan sosyete nou an, men pou divès rezon anpil moun deside pou pa twò pale de li.  Pratik sa a pa nouvo, li la depi lontan, men jou aprè jou li ap pran lòt fòm ki mache ak modènizasyon. Si lontan, obligatwaman fòk pwostitiye yo te al kanpe anba poto oubyen ap travay anndan yon klèb, jodia bagay la pa fòseman konsa paske avèk yon telefòn li kapab tabli kontak avèk kliyan li yo depi sou kabann lakay li.

Majorite jèn ayisyen ki antre nan pratik sa, ta sanble, se pou yon nesesite. Gen moun ki fè li pou yo kapab pran swen pitit yo, peye kay, peye lekòl oubyen jis pou yo pa mouri grangou. Kidonk, rezon yo kapab divès. Nan atik sa, nou rankontre yon demwazèl ki rele Lyse, yon jèn fi 26 lane ki ap viv Pòtoprens, li òfelen bò kote papa e li se yon etidyan nan syans administrativ,  ki t ap esplike nou kòman sa te ye pou li kòm yon ansyen pwostitiye. 

Leevens :  Lyse, pran tout tan w pou ou pataje eksperyans sa avèk nou. Kòman li te ye ?

Lyse  (non prete): Mwen sonje vi mwen ta pral kòmanse aprè filo. Aprè mwen fin fè klas sa, mwen te al enskri nan FASCH (Faculté des Sciences Humaines) pou mwen te kapab al etidye sikoloji. Malerezman mwen pa t gen chans pase konkou admisyon an. Ekonomikman mwen pa t gen mwayen pou mwen t al nan okenn lòt inivèsite. Konsa, fen 2016 mwen te gen yon zanmi mwen t ap eksplike li kèk pwoblèm mwen te genyen, epi li di mwen li gen solisyon pou mwen.

Li di mwen, li nan yon rezo, men kòman sa fonksyone : w ap fè foto toutouni /seksi (sexy) kote vizaj ou pa fòseman bezwen parèt, w ap voye foto sa yo ban mwen epi mwen ap transfere yo bay moun ki nan tèt rezo a pou li ka tcheke kichòy pou ou.

Vrèman vre, mwen te wè ide a pa t si mal pase sa paske li t ap pèmèt mwen jwenn kòb an retou.  Mwen te aksepte. Lè mwen mande li kilè pou mwen kòmanse, li te di mwen nou ap tou kòmanse menm jou a. Zanmi an te abiye m epi li mennen mwen nan yon biwo kote yon enjenyè, lè mwen rive nou pale de tout bagay.

Aprè pale a, nou vin kòmanse ap fè bagay seksyèl (XXX). Mwen rive fè bagay mwen pa t janm konn fè lè mwen te gen mennaj. Aprè sa, mwen benyen, mwen reyabiye mwen, li ban mwen yon anvlòp epi li te mande mwen kilè nou ap rewè ankò? Li enpòtan pou mwen siyale tou, lè yon moun mennen w bay yon patwon, li gen komisyon pa li apa. Epi lè moun nan fi n kouche avè w, sa depann de jan ou te ba li plezi a, li kapab rele ou ankò epi pwochèn fwa kòb la ap pi gwo tou.

Leevens : Sa se pou premye jou a, men kòman sa te ye aprè ?

Lyse : Nan demen, se te menm bagay la, men ak yon lòt moun. Fwa sa a, se te ak moun ki nan tèt la sa te fèt. Mwen raple mwen jou sa mwen te tèlman kriye, mwen te tèlman savonnen kò m, mwen te kòmanse pèdi estim pou tèt mwen koz mwen te toujou di gen bagay mwen pa t ap janm fè epi mwen te wè se yo mwen ap fè.

Se te prèske chak jou ak moun diferan, koulè diferan, nasyonalite diferan, ran sosyal diferan, (te gen dilè (dealer), depite, enjenyè ak lòt ankò). Mwen pa t gen jou, mwen pa t gen nwit. Mwen pa t janm konn kite telefòn mwen dichaj paske mwen te toujou an mouvman.

Okòmansman, mwen pa t janm renmen sa, mwen te toujou konn ap fè kòlè, mwen te toujou ap mande tèt mwen poukisa se konsa pou mwen fè kòb pou mwen ka al nan fakilte ? Malerezman, mwen pa t gen eksperyans pou mwen te jwenn lòt travay. Mete sou sa, mwen pa t gen okenn moun mwen te ka konte sou li. Bagay sa pa t konn ban mwen tan pou mwen dòmi, nenpòt lè a mwen te konn ap soti pou mwen al brase, fè kòb pou mwen kapab antre nan fakilte tèlman mwen pa t vle rete chita.

Jou aprè jou, mwen ap fè bagay, mwen vin abitye a fè sèks, mwen vin renmen fè sèks, mwen vin depann de sèks.

Leevens : Èske finalman ou te antre nan fakilte a ?

Lyse : Lè mwen fin fè kòb  kont pou mwen peye kòmansman etid la, mwen antre nan fakilte an 2017. Mwen vin wè mwen poko fè anyen paske mwen pral bezwen rad ak tenis pou mwen ale lekòl la. Mwen vin oblije ap fè li pandan tout yon jounen. Dèfwa mwen konn pa rantre lakay mwen pou mwen fè plis kòb (lè w dòmi yo ogmante sou kòb la), se te konsa souvan.

Gen jou mwen konn pa ale paske mwen konn santi mwen twò fatige. Mwen konn nan klas la yo ap rele mwen pou mwen ale nan randevou. Men gen kèk fwa, moun nan konn mennen m nan klèb oubyen resto san li pa fè anyen avèk mwen.

Leevens : Pou kounya, kòman sa ap bouje?

Lyse :  Mwen te vin rankontre ak yon moun ki te toujou la pou mwen, mwen te rakonte li ki modèl vi mwen ap mennen. Li te vle yon pi bon vi pou mwen. Li te konseye m, e li te ede m soti ladan l. Sa ki fè, depi an 2019 mwen kite pratik sa a.

Leevens : Zanmi ki te entegre w la, kote li ?

Lyse : Dènye fwa mwen te gen nouvèl li, li t ap viv Repiblik Dominkèn. Li te déjà kòmanse pèdi kontwòl tèt li. Se youn nan risk ki genyen nan sektè sa tou : si w pa kontwole w byen, ou kapab lage nan konsome bagay ki pa bon pou sèvo w. 

Leevens : Èske sistèm sa toujou ap fonksyone ?

Lyse : Wi, li toujou la. Men li pa vrèman baze yon kote. Paske moun ki te premye responsab la pa Ayiti. Se lakay li nou te konn pase jounen kèk fwa pou lè nou pral nan randevou nan aprèmidi. Mwen konnen gen kèk nan ansyen responsab yo ak kèk lòt jèn fi ki toujou ladan l. Epi, toujou gen nouvo vizaj ki entegre.

Leevens : Èske te gen minè kote sa ?

Lyse : Mwen pa kwè. Si te genyen, mwen pa t okouran.

Yon jèn demwazèl avwe li te fè pwostitisyon pou l peye inivèsite l

Leevens : Èske ou estime ou te konn sibi vyolans ? 

Lyse : Mwen pa vrèman ka di mwen te konn sibi vyolans. Men gen yon bagay ki te rive mwen yon fwa, mwen pa konnen si mwen kapab rele li vyolans. Mwen t al dòmi ak yon pèsonaj epi pandan nuit la li fè tantativ  de (2) fwa pou li penetre mwen avèk yon fo penis (z*z*). Alòske depi avan mwen te pran dispozisyon pou mwen pa itilize bagay sa yo.

Leevens : Èske yo te toujou peye w nòmalman san fè w enjistis ?

Lyse : Dèfwa moun nan konn fin fè sèks avè w epi li pete koken.  Swa li vle ba ou kòb la manke oubyen di li ap bay responsab la kòb la ba ou.

Leevens : Lè konsa kisa w fè ?

Lyse :  Si moun ki an tèt la konn kliyan an deja, li tou avèti m. Epi tou, li toujou di m pou mwen rele li lè jan de sitiyasyon sa yo rive.

Leevens : Èske ou pa t gen enkyetid pou w pa tonbe ansent oubyen pou pa pran MST ?

Lyse : Mwen pa t vrèman konn gen enkyetid paske chak semèn mwen te toujou konn al fè tès SIDA. Epi tou, gen kliyan ki te konn egzije mwen papye medikal la menm. Pou ansent la, mwen te konn pran prekosyon.

Leevens : Èske ou gen regrè?

Lyse : Modèl vi sa a te gen konsekans sou sante m : mwen pa t ka dòmi, mwen t ap fè fas a depresyon, mwen te menm konn panse a swisid. Mwen konn pè kwaze moun, pè pou moun pa konnen sa mwen ap regle, pè pou moun pa rekonèt mwen.

Anpil fwa, nou fè chwa nou yo anba enfliyans sosyete a, zanmi nou, fanmi nou ak edikasyon nou. Dèfwa regrè kapab lakoz nou diminye tèt nou. Pa egzanp, avan, mwen te gen regrè. Men aprè, mwen padone tèt mwen, mwen pran konsyans, mwen grandi, mwen pa menm moun nan ankò, mwen panse diferan. 

Leevens : Ki mesaj ou pou tout jèn fi?

Lyse : Mesaj mwen pou jèn menm jan avè m se : Eseye konstui yon relasyon ki baze sou konfyans avek pwòp tèt nou. Pa kite pawòl moun enfliyanse sou nou. Aprann renmen tèt nou nan kèlkeswa sikontans lan. Evite moun negatif. Pa pran desizyon san reflechi. Epi pou fini, mwen ta renmen mande paran yo tou pou yo kontwole langaj yo ak konpòtman yo genyen anvè timoun yo.

Leevens Vilmé

Dekouvri plis:

2 individus armés blessés mortellement, deux armes récupérées par la PNH

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Les prostituées de Port-au-Prince en détresse face à l’insécurité croissante. Depuis la fin du mois de février, Port-au-Prince, la capitale d’Haïti, est plongée dans...

États-Unis

États-Unis: une ancienne travailleuse de sexe vénézuélienne révèle avoir été forcée de coucher avec 20 hommes en une nuit. La vénézuélienne Kika Certa (nom...

Histoire

« Je ne veux pas quitter Haïti et je compte me battre pour mon avenir, ma famille et mon pays ». Vautré sur une...

Confidences

Nou pataje avèk ou jodi a temwanyaj yon jèn gason ki pa deside kache idantite li. Nap kontinye envite tout moun ki santi bezwen...