Dènye tan sa yo, imaj chokan sikile anpil sou rezo sosyal yo. Imaj sa yo anpil timoun konn tonbe sou yo nan telefòn pa yo oubyen telefòn granmoun k ap gad imaj sa yo. Se rezon sa, doktè Kerry Norbrun te pale ak redaksyon jounal la pou alète paran yo sou sa epi konseye yo pwoteje sante mantal timoun k ap grandi yo.
Li pa yon fenomèn ra ankò pou moun rete epi tonbe sou rezo a sou imaj chokan. Dènye an dat se imaj polisye yo ki te mouri anndan Vilaj De Dye ki t ap sikile sou rezo sosyal yo. Nan menm jounen 12 mas sa, gen lòt imaj ki montre tèt moun ki koupe sou tab epi endividi ap montre pou fè wè jan yo kriyèl. Pil imaj sa yo, anpil timoun gade yo epi arive dekri sa k ap pase anndan videyo chokan sa yo. Sa ki fè doktè Norbrun eksplike nou ke konpòtman timoun sa yo ka chanje nan jou yo la
« Avanyè, timoun yo tande anpil deba sou krim ak vyolans ki te fèt. Anpil vye videyo sòti, timoun yo gade yo, yo tande anpil pawòl. Timoun ki ret nan rantre Sid peyi an twomatize, nou mèt kwè m sante mantal yo vrèman afekte. Pa etone nou si n wè konpòtman yo nan jou k ap vini la yo ».
Pa bò isit, prèske chak jou ou leve peyi a sou tansyon. Anpil mouvman espontane, kawotchou ki toujou ap boule anpil rak kwen anndan peyi a, gaz lapolis toujou renmen bay ki konn kreye panik kay timoun yo anndan lekòl yo, bal ki toujou ap chante epi san konte nouvèl yo ki pa janm enteresan pou Ayiti. Sa ki mete anpil moun sou estrès ak chòk, pa menm bezwen pale de timoun yo k ap viv sa yo tou epi ki twouble sante mantal yo. Se rezon tou, Kerry Norbrun ki konsakre anpil rechèch li sou medsin prevantiv te detaye pou moun kisa yon bon sante mantal fè kay timoun
« Pou timoun yo sante mantal se li ki pèmèt yo kwè nan avni, pran desten yo an men, fè sa l renmen, konn ki mwayèn yo vize lekòl, fè l santi prezans antouraj li ».
Nan ka kontrè sante mantal timoun lan pa anfòm akoz videyo moun k ap rache moun l ap gade, kesyon kidnapin, vye diskisyon chire pit l ap viv nan antouraj li, lè l ap sot lekòl l ap kouri pou bal ak gaz, doktè Norbrun te kontinye pou l di: « Lè timoun yo vin gade videyo moun ap rache moun, pawòl moun ap di sa destabilize l, sa choke l, mantal li atenn, sa gen konsekans sou panse l, emosyon l, konpòtman l ».
Lè timoun yo vin rive nan yon pwen yo pa ka jere emosyon yo akoz tout pwoblèm sa yo epi imaj y ap gad prèske chak jou yo, sa vin afekte pèfòmans yo nan lekòl, yo irite, yo enkyè chak lè yo pran lari a, yo tris epi pèdi metriz yo, daprè eksplikasyon Kerry Norbrun.
Konsekans grav sa ka gen sou timoun yo
Doktè Norbrun te pran tan l pou l eksplike konsekans grav sa ka gen sou sante mantal timoun yo k ap viv pwoblèm sa yo chak jou
« Timoun yo ka kòmanse pale de touye tèt yo. Dènyeman Kolèj Canado te mete sikològ pou timoun yo, gen ka ki vrèman grav sikològ la repere ki mande gwo swivi poutan paran timoun yo pa t remake sa lakay yo. Anpil paran ka remake pitit yo gen chanjman nan abitid yo, timoun yo pa ka dòmi, pa ka manje, yo pa sou etidye. Timoun yo iritab, yo gen raj, yo gen kriz kòlè. Move nòt lekòl, timoun lan te konn fè mwayèn 7,8 kounya li lage nan 6,5,4 se pa sòt se mantal li ki afekte. Yo ap plenyen vant fè mal, doulè, strès ka fè yo sa ».
Fason w ka ede mantal timoun yo rete an sante
Fas ak tout pwoblèm sa yo, doktè Norbrun pa t ezite bay paran yo kèk konsèy selon sa l di ki ka ede mantal timoun yo rete an sante
« Pase tan avè yo, fè yo santi prezans nou. Ede yo konprann sa k ap pase nan sosyete a sou yon lòt pwen de vi. Fè yo konnen yo dwe mande èd ak soutyen lè yo bezwen. Toujou pran enkyetid timoun yo ak enpòtans paske yo souvan panse emosyon yo pa gen enpòtans. Lè n santi yo estrese ede yo jere estrès la… ».
Nou menm ki granmoun nou sou chòk, nou estrese, nou enkyè pou sa k ap pase yo, pou imaj n ap gade prèske chak jou, dèfwa nou konn pa menm ka remonte moral nou, li ankò pi mal ke timoun sa yo ki sou entènèt, ki nan lari a, k ap viv bagay sa yo menm jan ak nou ki granmoun. Nou gen responsablite veye sou yo, ede yo simonte pwoblèm sa yo pou mantal yo an sante. Timoun jodi, granmoun demen, mantal yo dwe an sante pou n pa riske genyen pi devan yon sosyete moun malad k ap dirije nou.
Dekouvri plis:
Une crise sans précédent touche l’Amérique latine et les Caraïbes, selon la banque mondiale