Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite

Lame d Ayiti resevwa yon lo materyèl ak zam pou patisipe nan operasyon kont gang yo

Lame d Ayiti resevwa yon lo materyèl ak zam pou patisipe nan operasyon kont gang yo
Lame d Ayiti resevwa yon lo materyèl ak zam pou patisipe nan operasyon kont gang yo
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon lo materyèl ak zam rive jwenn Lame d Ayiti pou kontinye pote kole ak lapolis nan batay kont gang yo.

Sou kont X li, Premye minis Garry Conille fè konnen, mèkredi 4 septanm 2024 la, li patisipe nan sipèvizyon resepsyon yon lo materyèl ak zam pou Lame d Ayiti k ap pote kole ak PNH la nan operasyon pou rekipere zòn gwoup gang yo okipe yo.

Nan mesaj li a, chèf gouvènman an pwomèt l ap vanse nan estrateji pou remete lame a kanpe jan sa dwe ye, pou sèvis popilasyon an. “Se pou sa nou te deside remèt yo tou ekipman CNE yo” se sa nou ka li nan piblikasyon l lan.

Fòk nou di tou, doktè Garry Conille fè konnen nan yon lòt piblikasyon, li te rankontre direksyon jeneral Sant Nasyonal Ekipman (CNE) a, apre konsèy minis la siyen yon dekrè pou materyèl enstitisyon sa transfere nan Lame d Ayiti. Li fè konnen, pèsonèl k ap travay tout bon nan bwat sa a p ap pèdi travay yo.

Poutèt sa, gen yon ekip ki pral evalye epi regilarize anplwaye yo swa kòm kontraktyèl e fonksyonè sivil nan Lame, swa nan TPTC oubyen lòt enstitisyon nan Leta, oubyen kòm militè dapre pwofil yo e chwa yo. Pi lwen, Garry Conille fè konnen tout materyèl yo pral genyen GPS pou fasilite yo lokalize yo, yon fason pou yo travay tout bon pou sèvis popilasyon an.

Lame d Ayiti resevwa yon lo materyèl ak zam pou patisipe nan operasyon kont gang yo

Lame d Ayiti resevwa yon lo materyèl ak zam pou patisipe nan operasyon kont gang yo

À lire aussi:

Rencontre entre le Groupe de Travail sur la Sécurité (GTS) et le Commandant en Chef a.i des FADH

 

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le Premier ministre Garry Conille a visité ce lundi 9 septembre 2024, le Commissariat de Port-au-Prince et le...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Tenue d’une importante rencontre préparatoire relative à la rentrée scolaire entre le PM Garry Conille et les membres...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Nou pap konplis demande à la communauté l’internationale de tenir ses promesses pour aider à résoudre le problème...

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Le Premier ministre en fonction, a publié la liste des membres de son cabinet incluant les noms de...