LANSE-HAÏTI mande aktè yo swiv ekzanp popilasyon Wanament lan sou koze konstriksyon kanal la pou yo kapab bati yon lòt Ayiti.
LANSE-HAÏTI ki se yon òganizasyon nan sosyete sivil la, nan yon nòt pou laprès li mete deyò ki pote siyati plizyè dirijan li, mande ak aktè politik anndan peyi a pou kopye ekzanp popilasyon Wanament lan ki mete tèt ansanm pou yo konstwi kanal sou rivyè Masak la. Òganizasyon an rete kwè sa ka sèvi politisyen isit egzanp pou chita pale pou yo kapab bati yon lòt peyi nan bon jan djalòg.
« LANSE-HAÏTI mande Aktè yo, swiv ekzanp popilasyon Wanament lan sou kesyon kanal la, pou devlope yon lòt sinèji, pou n kapab kreye yon lòt sosyete », se sa yo ekri nan nòt sa pandan komite a fè konnen yo pare pou chita pale ak tout sektè ki kwè Ayiti kapab renèt.
Aprè anpil konsiderasyon anndan nòt sa ki sou kesyon ensekirite, movèz gouvènans elatriye, LANSE-HAÏTI di l konstène devan sitiyasyon defèt sa a ke pèp ayisyen an ap viv jounen jodia ; li endinye fas ak detèryorasyon klima ensekirite a ; li revolte devan kòd rèd ki genyen nan mitan aktè yo, pou yo chita pale, pou jwenn yon akò global enklizif.
Estrikti a plase mo l sou apwobasyon ONU bay pou otorize deplwaman fòs miltinasyonal la anndan peyi a. LANSE-HAÏTI raple ak enstans Entènasyonal la erè misyon li te voye yo te komèt an 1994 ak 2007 epi mande l pou menm erè sa yo pa repwodui pandan nan nòt sa yo pa t mansyone erè misyon y ap pale yo ki se MINUHA ak MINUSTAH.
Komite estrikti a te pwofite voye gwo kout chapo pou popilasyon nan Nòdès espesyalman moun Wanament ki nan yon lespri konbit ap vanse ak kanal la malgre gwo chantaj gouvènman dominiken an ap fè. LANSE-HAÏTI di l deplore desizyon rasis ak iresponsab Repiblik Domonikèn nan dosye sa a, lè li pa vle respekte akò li te siyen nan dat 20 fevriye 1929 ak 29 me 2021.
Moun ki siyen nòt sa Pou Komite a se Maximot SAINTIMA (Prezidan), Frantz SOUVERAIN (Sekretè Jeneral), Adler ELCINE (Responsab kominikasyon), Franceline ESTEVE (Responsab ekite ak jan), Moise ELIUS (Responsab fòmasyon), Franckel ORTILIEN (Responsab pwojè), Jusner JEAN PIERRE (Responsab finans ak lojistik), Jean Ronald FRANÇOIS (Responsab jiridik) ak Cily Lefort (Responsab òganizasyon).
A lire aussi :
Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mardi 10 Octobre 2023