Vètyè se batay desizif ki te mennen nan dat 18 novanm 1803 pou akouche definitivman yon Ayiti ki pa sou lobedyans okenn lòt nanchon. Se tras sa papa, gran papa, gran gran papa nou yo kite pou n swiv depi 215 lane. Malerezman li poko eksplwate oswa li manke eksplwate. Meditasyon sa envite nou non sèlman mete chapo ba devan zansèt yo men tou kiltive ansanm viktwa sa nan sousi pou n sèvi ak li tankou pretèks pou n vanse men nan men, pou n frennen van divizyon, chire pit, hinghang ak tout kalite pwoblèm k ap brase bil sosyete a.
Biwo a envite tout sitwayen konprann nou gen yon modèl nou ka swiv pou n chita pale sou pwoblèm nou yo (ensekirite, lavi chè, divizyon, elatriye) e jwenn solisyon dirab menm jan zansèt nou yo te fè sa nan gwo batay sila a.
Biwo Minis sou koze sitwayen ak patriyotis la espere moman selebrasyon Batay Vètyè a ap sèvi nou bon pretèks pou n poze pwoblèm devlopman nan kreye bonjan klima pou moun ki gen kòb vin envesti dekwa pou kesyon chomaj la kaba, pou kwasans ekonomik la tounen reyalite.
Tèt ansanm pou devlopman ak estabilite posib pou l fèt nan mitan nou tout ayisyen san distenksyon okenn nan domèn sosyal, ekonomik, politik, relijyon, elatriye. Men pou sa fèt pi lontan, nou sipoze konstwi yon lòt modèl sitwayen Ayisyen kote ansèyman sivik pran plas nan kourikoula akademik jèn elèv ayisyen yo sou pwen tankou: kilti ak patrimwàn peyi dAyiti, devlopman sosyete a, respè anviwònman, sèvis ki dwe rann ak sosyete a, jesyon risk ak dezas, dyalòg youn ak lòt, dwa moun, tolerans, elatriye. Paske lòt modèl sitwayen sa a dwe reponn ak bezwen peyi a, posiblite pou l devlope tou.
Se tèt ansanm ki te pèmèt zansèt nou yo abouti ak rezilta sa n ap jwi jounen jodi a. Se menm tèt ansanm sa, si nou rive fè l toutbon vre ap mete an premye enterè Ayiti, ki se manman libète. Konsa enstabilite politik, ekonomik ak sosyal ap kaba. Se aji pou n aji ansanm. Jan Administrasyon Prezidan Jovenel Moïse ak Gouvènman Jean-Henry Céant an ap pwone l la, ansanm ansanm n ap kapab vanse nan yon dinamik devlopman dirab ak estabilite sou tout pwen pou n rive debouche sou peyi ki pran wout pwogrè e ki bay chak pitit li yo menm opòtinite.
«VÈTYÈ, TÈT ANSANM POU DEVLOPMAN AK ESTABILITE» se nan sans sa n ap vanse men nan men.
BIWO MINIS SOU KESYON SITWAYEN AK PATRIYOTIS