Lopital « Maternidad Nuestra Señora de la Altagracia » nan Santo Domingo itilize lang kreyòl pou oryante pasyan yo.
Pou ede resòtisan ayisyen yo anrejistre ti bebe ki fenk fèt, Lopital Matènite Nuestra Señora de la Altagracia, ki chita nan Santo Domingo, kapital Repiblik dominikèn, itilize lang kreyòl sou plizyè afich selon sa medya dominiken yo rapòte.
Anplis espanyòl, responsab yo itilize lang kreyòl sou afich pou bay enfòmasyon sou pwosesis pou deklare nesans ti bebe nan biwo Junta Central Electoral (JCE) ki anndan lopital la. Gen nan afich sa yo ki ekri « Deklare Tibebe w Anvan ou Kite lopital La » pandan gen lòt ki di « Tout timoun gen dwa pou li pote yon non ».
Anba afich sa yo, gen non plizyè enstitisyon tankou Fon Nazyonzini pou Timoun (UNICEF, nan lang franse), Ministè sante piblik Repiblik Dominikèn, Junta Electoral Central (JCE),Servicio Nacional de Salud (SNS), elatriye.
Nan ane ki sot pase la yo, anpil fanm ki soti Ayiti akouche nan peyi dominiken. Servicio Nacional de Salud revele gen 32 mil ayisyèn ki akouche nan lopital peyi sa sòti septanm 2021 pou rive jen 2022. Nan ka lopital Nuestra Señora de la Altagracia, SNS di, soti janvye pou rive me 2022, sèvis matènite a te asiste 2,150 dominikèn epi 1817 ayisyèn ki t ap akouche.
Yon lòt kote, politik migratwa peyi vwazen pa epanye timoun ak fanm ansent dènye mwa pase yo. Yo menm konn antre lopital al chèche fanm ansent pou depòte Ayiti, dapre videyo ki t ap sikile sou entènèt. Depi mwa novanm 2022 rive janvye 2023, dominiken depòte ant 200 ak 300 fanm sou fwontyè Elias Piña. Pou sèl mwa fevriye 2023, yo voye tounen Ayiti 219 fanm ansent, dapre Gwoup K ap Apiye Rapatriye e Refijye (GARR).
Dekouvri plis:
Un nouveau plan de sécurité aux abords des écoles de Port-au-Prince mis à l’épreuve