Matris Liberasyon salye memwa Marie Antoinette Duclaire pou dat fèt li epi rann li omaj.
30 oktòb ki sot pase a fè Marie Antoinette Duclaire anpil moun konnen sou non Netty 4 mwa depi endividi te asasinen l nan Kriswa, Ri Akasya, 31 oktòb se t ap dat anivèsè li. Pou make moman sa yo, estrikti Matris Liberasyon k ap dirije pa ansyen senatè Antonio Cheramy te deside atravè yon nòt salye memwa militant sa epi pwofite dekri lavi li militant lan.
Nan kòmansman nòt sa, estrikti a fè yon rapèl sou jan manb yo te santi yo lè nouvèl lanmò konbatant sa te rive vin jwenn yo. Pou yo, se te yon veritab kout tonnè kote nouvèl sa te lèse yo san souf, epi yo pa t gen kouraj pou aksepte Netty pa t ap ak yo fizikman ankò, selon sa k ekri nan nòt sa.
Nan okazyon 4 mwa lanmò sa, estrikti a pwofite dekri kalite mounite ki kay Netty. Selon nòt sa, Marie Antoinette Duclaire se te yon moun total, ki te ouvè epi prè pou ede nenpòt moun nan kèlkilanswa klas, ran, gwoup ak relijyon moun lan ta ye.
Nòt la te rapousib pou montre kontribisyon Netty nan koze kilti bò kote Jean Jean Roosevelt ak Rutshelle Guillaume nan mizik ayisyèn lan. Pou estrikti a, anndan nòt sa li vle montre jan militant lan te montre atachman l epi marande ak avansman kilti peyi a.
Nòt sa kalifye Netty kòm yon nasyonalis, yon patriyòt, yon moun ki te kwè nan defann valè peyi l avan tout enterè pèsonèl. Estrikti sa raple se yon moun ki te toujou ap goumen pou peyi a soti anba dominasyon enperyalis.
Pasaj li nan Matris Liberasyon kòm pòt pawòl estrikti sa te briyan anpil si n ka refere n ak nòt la ki mansyone se te yon fanm ki prè pou pote kole nan tout aktivite pati a, li te jwe anpil fwa premye konseye pati a, jwe wòl fanmi pou manb yo.
N ap raple Marie Antoinette Duclaire mouri nan lannuit 29 pou louvri 30 jen, nan Ri Akasya, Kriswa pandan li t al depoze jounalis Diego Charles ki mouri li menm tou jou swa sa. 31 oktòb sa se dat fèt li, se nan okazyon sa nòt sa soti.
Dekouvri plis:
Roody Roodboy a eu un accident mais il va bien