Aktyalite AN KREYÒL

MENFP pran desizyon pou lekòl piblik ki an difikilte nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan relouvri pou pi ta an novanm

MENFP nan yon rankont ak plizyè direktè lekòl piblik nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan pran desizyon pou lekòl sa yo relouvri pou pi ta an novanm.

Minis Nesmy Manigat rankontre madi 24 novanm lan nan Enspeksyon jeneral Edikasyon nasyonal, plizyè direktè lekòl piblik nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan kote diskisyon yo te chita sou reyouvèti lekòl sa yo ki poko janm ka fonksyone akoz moun ki ap viv ladan yo ki te kouri kite zòn yo pou vyolans gang. MENFP pran desizyon pou espas sa yo relouvri pou pita an novanm k ap vini la.

“ Tout lekòl ki an difikilte nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan dwe relouvri nan mwa novanm 2023 sa a”. Se prensipal desizyon ki pran apre diskisyon ant minis Nesmy Manigat ak yon kenzèn direktè lekòl pandan yon rankont ki te dewoule nan jounen madi 24 oktòb 2023 a, nan Enspeksyon jeneral Edikasyon nasyonal, nan Miso, se sa yon nòt biwo kominikasyon MENFP rapòte.

Pandan diskisyon yo, minis Nesmy Manigat di li rekonèt gen anpil jefò ki fèt nan lide pou etidye tout konpleksite pwoblèm lekòl ki pa kapab fonksyone jouk jounen jodi a. Pakont, minis Edikasyon nasyonal la estime rete kèk pa ki dwe franchi pou fasilite tout timoun tounen lekòl e tout anseyan reprann travay yo san kè sote, tout kote.

Direktè lekòl piblik yo sou bò pa yo mande pou Leta pran responsabilite l pou sa rive fèt pandan yo mete aksan tou sou aktivite ONG yo ki pa ankouraje deplase yo libere espas lekòl yo nan pote divès èd pou yo.

Lekòl piblik ki okipe pa popilasyon an nan move kondisyon, pou yo retounen louvri minis Nesmy Manigat ak direktè lekòl yo wè nesesite pou gen bon netwayaj epi remete aladispozisyon lekòl yo materyèl tankou tablo, tab, chèz, ban, elatriye.

Dekouvri plis:

Le Juge Walther Wesser Voltaire ordonne le transfert de Joseph Félix Badio à la prison civile de Port-au-Prince

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Inauguration des écoles nationales des Roy et de Matador: un pas dans la bonne direction vers l’amélioration des infrastructures scolaires dans le Nord Le...

Éducation

Résultats du Bac 2024 : les départements du Sud-Est et de l’Ouest publiés Le Ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP)...

Éducation

Inauguration du Centre de formation technique et professionnelle Paulo Freire et de l’école nationale Melonière Le mardi 1er octobre 2024, la ville des Cayes...

Éducation

La cherté de la vie, l’insécurité et la précarité retardent la rentrée des classes pour de nombreux parents, tandis que le gouvernement tente d’apporter...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile