Sida se yon maladi kontajyez ki dekouvri an 1981, kote depi lè sa gen anviwon 30 milyon moun ki mouri pa maladi sa epi yon latriye ki enfekte sitou nan rapò seksyèl.
Doktè Claudelson Thebeaud ke nou te f on ti pale ak li, li rapòte nou ke gen 2 etid syantifik ki montre 2 patenè seksyèl aktif, youn ka enfekte ak jèm sida epi lòt la pa janm genyen l.
Selon dòk Thebeaud, se 2 gwoup syantifik ameriken epi bèlj ki te fè etid sa, kote se 2 gwoup endepandan ki soti nan peyi Bèljik ak yon lòt ki soti nan peyi tonton Sam
« Gwoup bèlj lan te fè l pou yon sant envestigasyon ki nan Nouyòk ki se Aaron Diamond Aids Research Center ki nan Columbia University », deklare doktè a.
Toujou selon doktè Claudelson Thebeaud, etid sa esplike gen yon mitasyon jenetik ki pwoteje kèk moun de sida menn si l te ekspoze ak viris lan plizyè fwa. Nan kesyon nou te poze l pou konnen kijan yon moun ka konnen si l gen mitasyon sa a, li te reponn konsa
« Premye bagay ki ka fè yon moun chèche konnen si l gen mitasyon jenetik lan, se ta dwe si nan koup li youn ta gen jèm sida a nan san l epi lòt lan pa genyen l epi yo ka envestige pou konnen sa k pase paske anplis de mitasyon an si pasyan ki malad lan rive nan viris endetektab la, li p ap bay maladi a tou ».
Pi lwen, doktè a te esplike koze mitasyon an pou l di nou se yon mitasyon jenetik ki rele CCR5 Delta32 ki nòmalman nan kwomozom 3 a ki deplase. Akoz deplasman sa, l al kontwole pwotetin ki ta dwe sekrete pou pèmèt VIH-1 an rantre nan selil kò a. Pandan l ajoute pou l klarifye: « Sa vle di moun ki gen mitasyon sa a menm si l rantre an kontak ak viris lan, li pa ka ale kole ak selil CD-4 yo, sa vle di li vin pa yon pwoblèm pou li paske se selil defans sa yo viris lan konn kraze pou fè yon moun malad ».
Syantifik ki fè rechèch sa yo remake se plis nan peyi Ewòp oksidantal yo jwenn ka sa ak kay kèk venezyelyen ki gen desandans nan Ewòp oksidantal la. Pakont, doktè Claudelson Thebeaud revele pou nou ke l twouve deja yon ka ki sanble ak etid syantifik yo nan konsiltasyon li t ap fè pou pasyan
« Nan konsiltasyon mwen, m sonje m te resevwa yon pasyan ki te pozitif pou VIH, ki se yon fi. Lè mari l vini nou teste l, li pa t janm pozitif tandiske yo te toujou aktif seksyèlman. Kòm pa gen etid avanse sou ka sa, men nan peyi Dayiti ka gen kèk grenn ka konsa tou lòt kòlèg ka jwenn ».
Doktè Thebeaud fè konnen gen anpil gwo rechèch k ap fèt epi menm eksplike nou ke rechèch revele tou yon moun te ka ap viv ak sida a nan san l epi rive yon moman li ka pa ka kontamine lòt moun
« Yon pasyan ki ap pran medikaman l nòmal ka rive yon moman viris lan endektektab nan san l, sa vle di li pa ka bay maladi a ».
Malgre tout gwo rechèch sa yo sou koze maladi a ki ta parèt yon ti jan rasiran, sa pa anpeche jan n te di pi wo a ke gen 30 milyon moun ki mouri pa maladi a depi lè yo dekouvri l, selon sa doktè Thebeaud rapòte pou nou. An Ayiti, doktè a fè nou konnen yon rapò ONISida soti an 2019 rapòte gen 160 mil moun k ap viv ak maladi a sou bout tè papa Desalin lan ki bay 90 mil fanm ki kontamine, 60 mil gason genyen l nan san yo ak 10 mil timoun ki gen jèm sida. Nan sans sa, doktè a raple 2 pi gwo metòd prevansyon yo se abstinans oubyen relasyon seksyèl responsab ki mache ak itilizasyon kapòt pandan l te konkli konsa
« Etid sa a pa vin dekouraje w fè prevansyon kont maladi sida a, men mete w sou men w pou w konnen marengwen ap vole ou pa konn sa k mal ak femèl. Fòk ou gen yon aktivite seksyèl responsab pou w evite tonbe anba maladi sida ».