Actualités

MonCash envite patnè l yo fè dyalòg ak li pou kliyan yo jwenn pi bon sèvis

MonCash rekonèt kondisyon difisil patnè l yo, e mande yo fè dyalòg pou sèvi kliyan yo pi byen

Nan yon nòt, MonCash di l pran konesans revandikasyon sèten ajan lanse sou nivo komisyon yo pèsevwa ak sèvis la. Nan presizyon li pote nan nòt sila a, MonCash fè konnen ajan li yo benefisye komisyon sou chak tranzaksyon ki fèt nan biwo yo.

« Sou tranzaksyon kliyan peye pou yo, MonCash pataje frè yo ak ajan yo e menm sou tranzaksyon gratis tankou depo, MonCash peye komisyon » se sa ki presize nan nòt la pandan l fè konnen nan mwa Jen 2024, MonCash te ajiste estrikti komisyon li yo pou li kapab pi byen akonpaye ajan yo k ap evolye nan kondisyon difisil, e komisyon yo te ogmante depi lè sa.

Pi lwen, Moncash fè konnen li akonpanye ajan yo e envesti nan tout lòt aspè sèvis la tankou fòmasyon, sant apèl pou sèvis dedye, materyèl travay nan chak biwo tankou livrè tranzaksyon, enstalasyon logo ak afich piblisite, tablo pri ak komisyon, mesaj enpòtan, elatriye. Tout sa yo fèt gratis pou ajan yo.

Anplis de sa, Digicel kontinye ap envesti nan platfòm teknolojik li yo ak rezo li a, pou yo ret disponib 24 sou 24 pou ajan yo ak kliyan yo, san konte ekip dedye li yo k ap asiste tout kliyan ak ajan chak jou sou teren an, ansanm ak nan divès biwo li yo.

Digicel a travè sèvis MonCash la di l rekonèt enpòtans ajan yo ki se premye patnè l, e konnen tou kijan y ap
evolye nan kondisyon difisil. Li fè konnen li toujou enterese konnen kisa ajan yo panse, se pou sa li envite tout patnè l yo kontinye angaje yo nan dyalòg avèk li, yon fason pou ansanm yo ka kontinye bay kliyan yo pi bon sèvis.

À lire aussi :

Cuba plongée dans le noir après l’arrêt de sa principale centrale électrique

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Télécommunications

Getting your Trinity Audio player ready... Pour l’été 2024, de nouveaux forfaits sont offerts par la Digicel à ses clients   Pour l’été 2024,...

Économie

Getting your Trinity Audio player ready... Yon kont Moncash ki pa idantifye epi ki pa elaji p ap ka kontinye fè tranzakson apati premye...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Pou demanti enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo, Digicel fè konnen MonCash p ap fè fayit....

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Sit-in des consommateurs devant la compagnie de téléphonie mobile Digicel contre l’augmentation des frais du retrait du service...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile