Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon Nouvo Konsèy Administrasyon Pran Tèt Akademi Kreyòl Ayisyen

Seremoni enstalasyon an ap fèt 20 fevriye 2025 k ap vini la

Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) franchi yon nouvo etap nan istwa li pandan onzyèm Asanble Jeneral òdinè li, ki te dewoule ant 24 ak 26 janvye 2025 nan otèl Oasis. Nan asanble sa a, 28 manm sou 33 te prezan epi yo te eli yon nouvo Konsèy Administrasyon ki pral dirije enstitisyon an pandan de lane kap vini yo.

Nouvo Konsèy Administrasyon an gen sèt (7) manm, ki se:
• Rosila François Corneille, Prezidant
• Jean Grégory Calixte, Visprezidan
• Christophe Philippe Charles, Sekretè Jeneral
• Altagrace Payen, Konseye
• Rogéda Dorcé Dorcil, Konseye
• Marky Jean Pierre, Konseye
• Norah Amilcar Jean François, Konseye

Seremoni enstalasyon nouvo Konsèy Administrasyon an ap fèt nan lokal Akademi an, ki twouve l sou Bwavèna, jedi 20 fevriye 2025 a 10 è nan maten.

Anplis de sa, Akademi Kreyòl Ayisyen an ap òganize yon seri aktivite pou make Jounen Entènasyonal Lang Manman, ki selebre chak ane 21 fevriye. Aktivite sa yo ap kòmanse vandredi 21 fevriye 2025 apati 9 è nan maten nan lokal Akademi an.

Misyon Akademi Kreyòl Ayisyen an

Akademi Kreyòl Ayisyen an se pi gwo otorite ki responsab pou lang kreyòl ayisyen an, ni an Ayiti ni nan dyaspora a. Misyon li se:
• Asire tout enstitisyon Leta aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo an kreyòl.
• Ankouraje devlopman zouti tankou gramè, diksyonè, ak leksik nan tout domèn.
• Fè envantè epi sipòte tout moun k ap travay sou lang kreyòl, kit se spesyalis, kit se pwofesyonèl ki pwodui kontni nan lang lan.

Nouvo Konsèy Administrasyon an ap dirije Akademi an pou de lane, ak angajman pou kontinye travay pou devlopman ak pwomosyon lang kreyòl ayisyen an.

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mercredi 19 Fevrier 2025

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

An kreyòl

Avèk plis pase 4,000 itilizatè aktif, LangKreyolLa ofri eksplikasyon sou pwovèb nan videyo, diksyonè, ak nouvo zouti pou ekspè nan lang lan pandan li...

An kreyòl

Selebrasyon 28 Oktòb la raple nesesite pou ranfòse plas kreyòl la nan edikasyon ak nan tout aspè lavi chak jou pou asire transmisyon eritaj...

An kreyòl

Lis non 10 nouvo Akademisyen ak yon konseye konsiltatif ki enstale nan tèt Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA). Nan yon seremoni enstalasyon ki fèt...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon konferans deba te òganize jodi mèkredi a ak plizyè etidyan fakilte Lengwistik sou lang Kreyòl Ayisyen an. Anbasad Lespay an Ayiti nan tèt...