Ou ka mouri pa « syndrome du cœur brisé » si yon moun ou renmen deside kraze kite sa sanzatann.
Anpil fwa nou konn tande moun ap di cheri ti kè l piti oubyen nou konn tande tou sèten ap di cheri w ap dechire kè m. Pawòl sa yo konn ap soti nan bouch moun yo se pou montre jan kè yo frajil, yo pa ka fè jalouzi, yo damou anpil. Nan sans sa, medsen Kerry Norbrun ki te pale ak jounal la te abòde ak nou kesyon « syndrome du cœur brisé » a ki ka tiye yon moun sa pral depann de jan moun li renmen an ka deside di l li kite l sanzatann. Men pou koze lanmò a, li vini nan kèk ka ki ra, selon sa doktè a te souliye.
Doktè Norbrun fè konnen abityèlman « syndrome du cœur brisé » pa rete nèt pou l ta rive touche veso ki irige kè an san, li souliye se plis misk kè an ki touche. Men lè li pale de kote yon moun ka mouri se lè l fè referans ak kè ka ra sendwom lan ka fatal epi koze lanmò pandan l te pwofite rasire majorite moun ki sibi bagay sa retabli vit.
Pou pi klè nan eksplikasyon yo, Kerry Norbrun fè konnen sitiyasyon sa rive paske tandon kè moun lan konn kase. « Se yon deranjman ki rive nan kè a ki pa rete ki lye a sitiyasyon kote moun lan estrese oubyen l sou gwo emosyon. »
Daprè medsen Ayisyen an, li manifeste tankou yon kriz kadyak. « Moun lan ka gen doulè nan pwatrin, li ka ap esoufle, ti souf li kout », selon detay Kerry Norbrun.
Byen avan nou te pale ak doktè Kerry Norbrun, nan ti rechèch nou te fè ta pral pèmèt nou dekouvri koze « syndrome du cœur brisé » a ke yo bay pote non takotsubo touche sou 10 moun nèf fanm pou yon gason. Li pwovoke oubyen deklannche pa yon sitiyasyon estrès egzajere aprè yon evènman dramatik konsa li kapab yon evènman ere tou depandaman de jan nouvèl sa yo ka rive sou ou.
Toujou nan kad rechèch nou te fè, sit entènèt www.hopitalpourenfants.com nan yon atik li pibliye sou koze sa bay konsèy pou yon moun ta geri kè brize l aprè yon move nouvèl mennaj li ta ba l. Li pwopoze 6 bagay yon moun ka fè: evite èks ou a, pale ak moun ou ka fè konfyans sou sa k pase yo, pa ale chache pran pòz fò men kriye pito aprè sa k pase a, pa chache wè èks ou an, pa ap eseye raple bon moman ou menm ak ansyen mennaj ou te pase, pa prese pito w tann bon moman pa w yo.
N ap raple w ke yo bay « Syndrome du cœur brisé » a pote non takotsubo paske se entènis ak kadyològ japonè ki dekri koze sa an 1977. Yo te remake yon evolisyon sendwom sa pandan peryòd Kowonaviris la soti 2019 pou 2021 kote menm kèk etid lèse kwè ka yo te sitou miltipliye pa 4 an 2020.