Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Platfòm Langkreyolla lanse premye kwiz sou lang ak kilti kreyòl pou selebre 222èm anivèsè drapo ayisyen an

Platfòm Langkreyolla lanse premye kwiz sou lang ak kilti kreyòl pou selebre 222èm anivèsè drapo ayisyen an

Patisipan yo ap gen chans pou ranpòte plizyè milye Goud pandan y ap teste konesans yo sou vokabilè, pwovèb, ak règ lang Kreyòl la.

Nan kad selebrasyon 222èm anivèsè bikolò Ayisyen an, platfòm Langkreyolla ap òganize premye edisyon yon kwiz sou lang ak kilti kreyòl. Inisyativ sa a, ki fèt ak anpil pasyon e san okenn finansman, vize mete limyè sou richès lang kreyòl la epi ranfòse eritaj kiltirèl pèp ayisyen an.

Kwiz la ap dewoule anliy, dimanch 18 me 2025, sou platfòm Langkreyolla. Li ap dire apeprè 30 minit e li louvri pou tout moun k ap viv Ayiti. Enskripsyon an gratis, epi li dwe fèt avan 10 me 2025 a 11:59 nan aswè, atravè yon fòmilè ki disponib sou sit entènèt platfòm nan.

Dapre Johndy Lens Philistin, youn nan responsab Langkreyolla, kwiz la se pa yon egzamen, men pito yon echanj kote patisipan yo gen opòtinite pou aprann pandan y ap jwe. “Li enpòtan pou nou mete aksan sou aprantisaj natirèl la. Chak kesyon se pa sèlman yon tès, men yon opòtinite pou dekouvri nouvo aspè sou lang nou,” se te deklarasyon Johndy nan yon entèvyou ak Juno7.

Kwiz la ap swiv fòma 50-50-50 kote patisipan yo ap reponn 50 kesyon sou vokabilè, 50 sou pwovèb, epi 50 sou règ lang lan. Tout kesyon yo se chwa miltip, e yo soti dirèkteman sou platfòm langkreyolla.com. Kidonk, moun ki vle byen prepare yo gen tout avantaj pou yo vizite platfòm nan anvan jou konpetisyon an.

Pou mete ankourajman sou patisipasyon an, Langkreyolla mete yon sistèm rekonpans sou pye. Premye gayan an ap resevwa 10,000 Goud, dezyèm lan 5,000 Goud, epi twazyèm lan 3,000 Goud. Tout lajan sa yo ap voye atravè MonCash, e nòt yo ap kalkile otomatikman sou baz kantite repons ki kòrèk.

Anplis de konpetisyon an, Langkreyolla mete plizyè objektif edikatif ak sosyal deyè inisyativ sa a: mete valè sou kreyòl kòm lang edikatif, sansibilize jèn yo sou eritaj kiltirèl yo, ranfòse aprantisaj natirèl, epi bati yon kominote ki fyè de lang matènèl li.

“Nou vle montre ke kreyòl la pa sèlman yon lang lari, men yon lang ki rich, konplè, ak ki merite respè,” Johndy Lens Philistin ajoute. Li soulinye tou ke kwiz sa a pa fèt pou ekspè sèlman, nenpòt moun ki gen lanmou pou lang lan ka patisipe.

Se premye edisyon kwiz sa a, men Langkreyolla deja wè pi lwen: yo anonse plizyè lòt aktivite ki pral vin ranfòse mouvman yo lanse a pou fè lang kreyòl la briye plis toujou.

Pou plis enfòmasyon sou kwiz la, moun ka voye kesyon yo nan kontak@langkreyolla.com oswa vizite paj ofisyèl platfòm lan sou Instagram.

Platfòm Langkreyolla lanse premye kwiz sou lang ak kilti kreyòl pou selebre 222èm anivèsè drapo ayisyen an

Dekouvri plis:

Record Guinness : la cheffe haïtienne Leen Excellent vise 192 heures de cuisine non-stop

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

‏Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl: Yon gwoup jèn kreye yon sit rechèch ki gen 10 mil mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon...

Aktyalite AN KREYÒL

Pou valorize lang kreyòl la, L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele « Ann Chante Kreyòl ». L’oriol Prodz...

Aktyalite AN KREYÒL

Lopital « Maternidad Nuestra Señora de la Altagracia » nan Santo Domingo itilize lang kreyòl pou oryante pasyan yo. Pou ede resòtisan ayisyen yo...

Éducation

Drid Antrepriz lanse yon konkou jeni k ap fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Nan kad yon konferans pou laprès lendi 27 jen an,...