Jan sa te deja anonse pa plizyè sektè anndan sosyete a, premye jounen manifestasyon kont kidnapin ak diktati epi pou mande respè konstitisyon an, te òganize jodi dimanch 28 fevriye a, kote plizyè milye moun te pran lari pou reponn ak apèl anpil òganizasyon nan sosyete sivil la ak anpil pati potilik opozisyon an ki lanse seri manifestasyon sa yo k ap dire 3 jou mobilizasyon yo DIRPOD, SDP , Tèt Ansanm elatriye .
Kòm dabitid dènye tan sa yo, manifestasyon sa te gen 2 pwen rasanbleman ki se sou Channmas sou plas konstitisyon an kote te gen ekip Nou Pap Dòmi an epi lòt branch lan te zòn Kafou Ayewopò ki te gen ladan l sektè pwotestan an ak estrikti politik.
Branch Channmas la te soti tèt yo sou Lali pou monte anba limyè a epi vire desann Avni Martin Luther King pou tonbe Kafou Ayewopò pou t al gwosi lòt branch lan. Sou tout pakou a, foul la t ap gwosi jis rive Kafou Ayewopò. Anpil kote sou wout yo, manifestan yo te boule kawotchou, jete fatra nan lari a, voye pawòl piman bouk kont pouvwa an plas la.
Rive Kafou Ayewopò, 2 branch yo vin fè yon sèl pou monte sou Dèlma a, se te toujou menm ka figi yo kote pwotestatè yo te kontinye ap boule kawotchou, jete fatra nan lari a, lage wòch epi ap monte ak anbyans bann ak pye epi 3 mobil ki t ap kreye animasyon anndan manif sa.
Sou tout pakou manifestan yo, yo te dekwoke majorite pankat ki te ap fè pwomosyon pou koze referandòm Jovenel Moïse ap klewonnen an. Manifestan yo mete yo atè, voye anpil nan yo nan kawotchou ki t ap boule yo.
Plizyè figi koni anndan sosyete a te reponn prezan jodi a, pami yo sineyas Arnold Antonin, pwofesè Josué Merilien, Richard Widmaier, ansyen senatè Sorel Jacynthe ak ansyen senatè Moïse Jean-Charles, doktè Maryse Narcisse, Sveeten Benoit, Ricard Pierre, Serge Jean Louis , senatè Patrice Dumont elatriye .
Lidè pitit Desalin lan ki te pale nan mikwo Juno7 te bay twa rezon ki fè li prezan jodi a bò kote popilasyon an.
« Nou nan lari an, se pou n montre lemonn an antye sa fè dig dantan nou gen yon dirijan diktatè k ap dirije l. Dezyèmman, pou n mande depa Jovenel Moïse, twazyèmman pou n montre nou solidè avèk tout peyi nan monn lan k ap pote solidarite avèk pèp ayisyen an ».
Manifestasyon sa te monte tout Dèlma, rantre Petyonvil, desann Boudon, repase Lali epi ale bout Channmas sou plas konstitisyon an kote yon mesaj final te delivre.
Atravè mesaj final sa, mèt Gédéon Jean ki se manb estrikti N ap Mache Pou Lavi te raple moun yo pou ki rezon premye jounen mach la.
« Premyè jounen mobilizasyon pou nou di non ak diktati, pou nou reyafime atachman nou pou respè konstitisyon an, respè prensip eta de dwa, respè demokrasi. Premyè jounen sa se yon egzanp ke nou bay kote ke nou di non nou p ap tounen nan diktati, nou di ke nou reyafime fwa nou nan respè demokrasi e nou di non ak kidnapin, nou di non ak ensekirite. N ap remèsye laprès, n ap remèsye tout moun ki te patisipe nan premyè jounen mobilizasyon sa pou nou di non ak diktati pou nou di viv demokrasi ».
Pastè Antoine René sou bò pa l ki te reprezante legliz pwotestan fè konnen nan mesaj final la si Ayiti nan eta sa se koz peyi Etazini ki ap sipòte Jovenel Moïse. Pastè a ale pi lwen pou l raple ak popilasyon an ke manda Jovenel Moïse fini depi 7 fevriye pase a, se rezon sa daprè sa l di ki fè legliz pwotestan nan lari a pou di Jovenel Moïse manda l fini, pou raple ak kominote entènasyonal la Ayiti gen souverènte, li granmoun piga yo jwe ak figi peyi a.
N ap raple w pou premye jounen sa pat gen ensidan majè ki te rive, sof ke repòtè Juno7 te remake nan nivo Dèlma 60 te gen yon ti van panik, sitiyasyon an ta pral retounen nan nòmal epi apre mesaj ki te fin delivre sou plas konstitisyon an, kèk militan te nan afwontman ak lapolis ki fè fòs lòd yo te itilize anpil gaz lakrimojèn sou Channmas la.
Jounen mobilizasyon sa yo ap kontinye demen lendi a ak madi toujou nan menm lide pou fè pase revandikasyon yo.
Dekouvri plus:
Interpellation de l’ancien policier Abelson Gros-Nègres, recherché par les autorités