Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Popilasyon Mibalè a touye 3 prezime manm gang apre lapolis te fin arete yo

Popilasyon Mibalè a touye 3 prezime manm gang apre lapolis te fin arete yo

Lendi 20 me 2024 la, popilasyon Mibalè a touye 3 prezime gang apre lapolis te fin arete yo.

Jou ki te lendi 20 me 2024 la, nan kad yon kontwòl idantite Lapolis Mibalè reyalize, li te rive arete Djerby Alexis, 24 lane, li fèt Senrafayèl, men li rete nan Site Doudoun, Komin Kwadèboukè. Dapre yon nòt lapolis mete deyò, endividi sa a deklare li fè pati gang ki nan zòn nan epi avwe li enplike nan anpil zak kriminèl pami yo: yo te mete dife nan yon kamyonèt ak tout moun ki te sot legliz.

Pi lwen, Djerby Alexis fè konnen li touye 5 moun ak men pa l epi te enplike nan atak yo te fè kont Sou Komisarya Bon Repos a kote te gen 3 polisye ki mouri.

Toujou dapre nòt la, lapolis enfòme yo rive arete Youncé Monplaisir ak Roseline Labrice, 2 medam sa yo ap viv nan kay ansanm nan “Rue du Centre”, e yo fè pati gang k ap fonksyone anba lavil la, nan Pòtoprens. “Se Youncé ki nan tèt yon gwoup bandi ak zam k ap mache fè resèt nan mache Kwabosal, mache tèt Bèf elatriye anba lavil la” se sa nou ka li nan nòt sila.

Toutfwa, lapolis fè konnen, malgre tout efò ki te fèt pou pwoteje endividi sa yo yo te arete pandan yo t ap eseye travèse Sendomeng, popilasyon an ki te an kòlè pran yo epi touye yo.

Popilasyon Mibalè a touye 3 prezime manm gang apre lapolis te fin arete yo

Dekouvri plis:

Musique : “2 Pye n nan Dlo”, le cri de détresse de Mic-O pour Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu