Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite

Pwogram sosyal: gouvènman Conille an anonse plizyè sibvansyon pou paran, ouvriye ak fanm ki nan bezwen

Pwogram sosyal: gouvènman Conille an anonse plizyè sibvansyon pou paran, ouvriye ak fanm ki nan bezwen

Premye minis Garry Conille anonse sou kont X li, gouvènman li an nan lide pou prepare rantre lekòl la ap bay 261 mil paran 20 mil goud pou rantre lekòl la.

Premye minis Garry Conille nan yon mesaj li pataje sou kont X li ayè madi 20 dawout 2024, pataje proyorite gouvènman li an ki se sektè sosyal la. Chèf gouvènman an fè konnen ekip li ap prepare rantre lekòl la pou soulaje paran yo. Nan sans la, li pwomèt gouvènman an ap bay 261 mil paran 20 000 goud pou rantre lekòl la. Gen plizyè lòt pwogram tou ki pou ouvriye ak fanm ki nan Bezwen.

“Pandan n ap vanse sou dosye sekirite a, Gouvènman an ap travay sou chantye sosyal yo. Konsa Gouvènman an ak patnè li yo ap prepare rantre lekòl la pou soulaje paran, ranfòse pwogram pou kwape grangou, ankadre moun ki kite kay yo, soutni ouvriye ak gwoup fanm, tifi ki pi vilnerab yo”, se sa li ekri sou kont X li.

Nan yon tablo ki akonpaye mesaj la, gouvènman an fè konnen 261 mil paran pral resevwa 20 mil goud pou rantre lekòl la, 2 milyon elèv ap resevwa liv gratis tou pou ane akademik 2024-2025 lan.

Nan lòt priyorite gouvènman an, gouvènman an anvizaje distribiye 80 mil panye solidarite pou apeze grangou, 41 mil ouvriye ap resevwa 15 mil goud, 28 960 fanm ki nan bezwen ap jwenn 20 mil goud.

Desizyon sa selon gouvènman an se pou soutni plis moun ki nan bezwen. Pou sa 12.133.101.935.²⁹ goud disponib pou reyalize pwogram sila yo.

À lire aussi:

“Rekreyasyon an fini pou gang yo”, déclare Rameau Normil sollicitant un mariage entre la population et la police

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Le Secrétaire d’Etat Américain, Antony Blinken sera en visite officielle en Haïti le jeudi 5 septembre, et rencontrera Garry Conille, Edgard Leblanc et certains...

Sécurité

Le rétablissement de la sécurité dans le pays, au cœur des discussions lors d’un Conseil de Gouvernement présidé par Garry Conille Ce mardi 3...

Tech

Le gouvernement haïtien lance une plateforme numérique pour moderniser la gestion des agents contractuels de l’administration publique Le Premier ministre Garry Conille a officiellement...

Actualités

L’Unité de Lutte Contre la Corruption a lancé un atelier de présentation du diagnostic de la loi du 12 mars 2014 portant prévention et...