Getting your Trinity Audio player ready...
|
Tranbleman tè 14 out: Jude Célestin di l pare pou ofri ekspètiz ak eksperyans li san touche yon goud men l ap tann dizon otorite yo.
Ansyen kandida pou pòs prezidan an Jude Célestin anndan yon nòt li soti dimanch 15 out la, anonse li pare pou pote kole yon fason pou ede moun nan Sid, Grandans ak Nip ki frape anpil pa tranbleman tè 14 out la.
Enjenyè a fè konnen li pa bezwen touche yon goud pou ekspètiz ak eksperyans li ke l deside ofri. Eksperyans ak ekspètiz ke l te trape nan jesyon katastwòf natirèl ki te frape Gonayiv nan lane 2008, selon sa l di.
Lidè politik la ki pa eksprime l souvan deklare se jis otorizasyon otorite yo l ap tann pou l itilize materyèl li ki disponib pou arive pote frè ak sè yo sekou nan Gran Sid la.
Anndan nòt sa, Jude Célestin raple travay yon ekip jèn fi ak jèn gason te fè an 2008 pandan siklòn nan Gonayiv, an 2010 lè goudougoudou, yon fason pou montre volonte li konn genyen ak ekip li pou ede san okenn enterè politik jan l mansyone l anndan nòt sa.
Ansyen direktè CNE a regrèt tou ke peyi a pa pare menm jan li pa t pare an 2010 pandan l siyale si n kontinye konsa pita ap pi tris. Li te tou pwofite voye kondoleyans li bay fanmi, zanmi moun ki viktim yo pandan l swete yo kouraj.

Photo: Facebook Jude Celestin
Dekouvri plis:
Séisme du 14 août: Zanmi Lasante, l’HUEH, l’hôpital Bernard Mevs volent au secours des blessés
