Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

« Travay kay madanm », yon fòm esklavaj modèn pa bò isit

" Travay kay madanm", yon fòm esklavaj modèn pa bò isit

An Ayiti, koze travay kay madanm s on bagay anpil jèn fi kou granmoun fè pou chache sove lavi yo. Anpil nan yo souvan plenyen pou move tretman yo sibi kay kèk moun.

Sèvant yo plenyen anpil arive menm fè mechanste

Sophonie s on manman 2 pitit ki abite Kriswa men k ap travay Dèlma 32. Dam 39 lane sa ap viv ak mari l ki s on sekirite anndan yon otèl nan zòn metwopolitèn lan, men pou akonpaye mari a nan èd yo, Sophonie oblije chache travay, nan chache travay li jwenn travay kay madanm nan Dèlma 32, kote sa yo te di l lè l fenk rantre ke tach li se fè manje pou 2 moun epi etwaye kay la.

« Mwen gen 8 mwa nan travay sa. Yo peye m 5 mil goud. Lè m rantre nan travay sa nan mwa avril mèt kay la di m se pou 2 moun m ap fè manje epi okipe kay la. Epi se te manti, chak tan ou wè yon vizaj vin enstale nan kay la epi ou gen pou w okipe 5 oubyen 6 moun ki gen timoun tou pou 5 mil goud epi se pa sa yo te di m lè m fenk rantre ».

Koze twonpe moun k ap travay yo s on bagay mèt kay oubyen mèt travay yo renmen fè anpil. Kondisyon ki te etabli byen avan bòn oubyen sèvant lan travay pa janm respekte vre kote mèt kay yo twonpe vijilans moun sa yo. Se ka Mona ki gen 51 lane

« M pa t konn travay dòmi leve kay de seri de moun anndan Dèlma 75, yo te konn peye m 2000 dola (ayisyen)… M te konn okipe yon kay 3 chanm, 2 twalèt, lakou, salon, salamanje, kizin epi yon galri ak 5 moun… Apre 2 mwa nan travay la moun vin ogmante, li te 5 li vin 7 epi dèfwa tèlman travay yo anpil mwen fini ta, m oblije dòmi. Mèt travay la vin jwe sou sa li egzije m dòmi pandan l pa mete sou kòb la. Lè m wè se twòp, M te oblije kite travay la », eskplike Mona.

Move kondisyon kay kèk moun anvè sèvant yo, se bagay ki te fè Sophonie oblije bay vag ak travay li te ye Dèlma 32 a, selon sa l di

« M te fini pa kite. Moun lan ap ba w 5 mil goud epi l ap peye w anreta. Met sou sa, se mwen ki pou ale pran dlo nan basen nan lari. Dèfwa, yo pati yo kite m nan kay la pou m lave pil chapito rad sal epi yo ban m 25 oubyen 50 goud pou m manje pou m fè yon jounen epi yo tout pati y ap vin byen ta epi m grangou sou yon pil rad… M pa t ap ka rete, m te fin touche yon sòl, mwen kite epi m fè komès ».

Fas ak tout pwoblèm sa yo ke medam yo souvan konfwonte nan travay sa yo, nan yon ti pale nou te fè ak Sherley Joseph Duperoy, ki g on ajans menajè ak pwòprepte, li pa t kache pou l di nou travay kay madanm s on metye refoule epi enpòtan

« Travay kay madanm se youn nan metye ki pi refoule e poutan ki pi enpòtan. M souvan tande anekdòt kote anplwaye ap rakonte mechanste yo sibi e souvan mechanste ke yo menm yo fè ».

Nan koze mechanste Sherley ap pale a, yon ansyen sèvant ki gen 60 tan kounya fè nou konnen li te konn fè mèt kay mechanste paske mèt kay te konn sèvi mal ak li epòk li te jenn fanm

« M p ap kache w. Plizyè fwa m krache nan ji m ap pote pou madanm kay la paske l te konn trete m tankou esklav li, tankou moun ki ret ak li epi rele sou mwen. Madanm sa te tèlman frekan gode a mèt toupre l la se rele m byen fò pou m pran l pou li. Pitit li te vòlè epi chak bagay li pèdi li lage chay sou do m epi ap wounouwounou voye pwen. Tout sa yo fè m te konn krache nan ji epi bwase l ba l bwè paske m te konn santi se konsa pou m fè l peye bouch li pou frekan ».

Koze mefyans lan egziste anpil ant mèt kay yo sitou fas ak sèvant yo. Gen mèt kay ki pa bay sèvant fè manje pou yo, ki pa bwè ji nan men yo alevwa lage vant mari yo nan men moun sa ki sanse pase tout tan l anndan yon kay. Yon bagay Sherley Joseph Duperoy twouve ki biza

« Yon èd menajè(sèvant) se yon moun ke w ka fè konfyans ak kay ou ak vant ou. M souvan trouve sa biza yon moun ki ap joure yon sèvant, moun sa rete yon èt imen. Li gen vi pa l menm si l akòde w 90 % nan ede w fè kay ou byen fonksyone ».

SJAP, yon ajans pou akonpaye sèvant yo

Se nan sans sa, Madam Sherley Joseph Duperoy kreye SJAP (Sherley Joseph Agence de la Propreté), yon fason pou pèmèt bon kowabitasyon ant sèvant yo ak anplwaye yo epi akonpaye pi fèb yo kise sèvant yo

« move tretman anplwaye ki fè travay « aide-ménagère » se youn nan rezon ki te pouse nou mete SJAP sou pye. Nan ankèt nou te mennen, anpil temwayaj te fè konnen si yo malad yo pa jwenn asistans, pafwa yo sibi vyolans e yo pa gen moun pou pran defans yo », li te kontinye pou l di: « Gen kèk sitiyasyon kote anplwayè a (mèt travay la) refize nouri sèvant lan.

Souvan yo estime si yo peye tout kòb sa anplwaye a sipoze endepandan, yo pa respekte lè repo apre travay yo. Se youn nan rezon ki te fè nou entegre kontra endividyèl kote travay emplwaye a detaye epi pri fikse an fonksyon de kantite travay epi de nivo endepandans anplwaye a. Nou ede yo jwenn asirans sante, si yo malad nou asiste yo a 30 %  nan medikaman yo. Kontra nou yo ba nou aksè pou n fè pouswit jiridik nan ka vyolasyon oubyen maltretrans sou anplwaye a », eksplike Sherley Joseph Duperoy.

Fòk sa chanje

Koze travay kay madanm lan se pa sèlman pou sèvant, li menm egziste pou « gason lakou » yo rele jeran yo tou. Poukisa move tretman sa yo pandan fò souvan mèt kay sa vwayaje li wè tretman yon sèvant oubyen gason lakou jwenn nan peyi etranje. Sou ki baz w ap peye yon anplwaye 5 mil jiska 10 mil goud epi ou presire l ak travay, li lakay ou depi 6 zè nan maten epi l ap kite a 5, 6 zè nan aswè, dèfwa pou menm salè sa yo dòmi leve.

Dèfwa ou oblije mande èske se pa mantalite « mèt ak esklav »  ki nan tèt kay kèk mèt travay ki fè l swete wè yon sèvant pa twò pwòp, fòk li ta yon jan sal pou yo wè sa se sèvant kay la, fè l travay kou bourik, pa ba yo manje. Genyen ki menm pa vle sèvant lan twalèt nan ijyenik lan, yo fè yon fòs dèyè do kay la. Chanm mèt kay la gen tele, radyo, vantilatè elatriye. Kote sèvant lan ap dòmi an pa gen youn nan sa n site la yo.

Anpil mèt kay trete moun sa yo kou yon esklav sèl frèt yo pa oubyen po ko lage nan po do yo pandan ke moun sa yo jwe gwo wòl nan kotidyen madanm, mari, pitit ak fanmi. Nou dwe repanse bagay yo.

Non moun yo chanje sou demann yo. Sof pa Sherley Joseph Duperoy.

Dekouvri plis:

“Ban m a ba w”, yon pratik ki mete anpil fanm nan reziyasyon pou kouche ak gason

Plus de contenu