Actualités

Twa jèn medsen ayisyen anbrase « medsin prevantiv » pou enfòme entènot sou rezo a

Daprè definisyon Wikipedia, medsin prevantiv la se yon branch nan medsin lan ki la pou bay konsèy ijyèn nan sans laj epi depiste maladi. An Ayiti sou rezo yo, plizyè jèn medsen kreye paj pou edike moun sou medsin prevantiv la.

Se rezon nou te rankontre 3 jèn medsen ki se Faïly Ander Trazil, Kerry Norbrun ak David Laurangilles, ki te ap pale sou sijè sa ak nou.

Nan lide pou te konnen si genyen diferans ant medsin prevantiv ak sante edikativ, doktè David Laurangilles fè nou konnen pa gen twò gwo diferans, pandan l te pote eksplikasyon yo konsa pou nou

« Mwen ka di pa gen twò gwo diferans paske tou lè 2 la pou edike, bay konsèy epi fè prevansyon. Sof ke sante edikativ la si n ap pran l nan kontèks li, lè nou pale de sante edikativ nou wè edikasyon, li plis abòde moun ki lekòl soti nan kindergarten rive nan inivèsite, a diferans de medsin prevantiv la li menm ».

Jounen jodia, koze medsin prevantiv gaye sou Facebook la kote gen anpil doktè ki kreye paj pou fòme, enfòme epi atire atansyon moun sou de sijè sosyete a inyore. Twa jèn medsen nou te pale yo pa t kache di nou sa k fè yo anbrase branch sa sou rezo a.

« Youn nan bagay ki te pouse m fè medsin prevantiv sou rezo sosyo yo, se tabou mwen te remake ki genyen nan peyi nou Ayiti, epi inyorans tou ke anpil moun genyen sou anpil maladi k ap fè ravaj », deklare David Laurangilles.

Doktè Faïly Ander Trazil di l rantre nan branch sa sou rezo a paske l santi te g on vid nan koze sante.

« Mwen koumanse ekri atik lasante sou Facebook paske m remake rezo sosyo yo vrèman manke konsèy sou lasante, e sitou konsèy an kreyòl. M panse ak plis jèn etidyan nan medsin k ap pataje sou konsèy sou rezo yo, sa ap plis ede sistèm sante nou an ki deja pa fin kòdjòm ».

Pou doktè Kerry Norbrun se paske l te pèdi 2 pwòch li (granmè ak granpè l) an 2012 ak 2014 pa maladi, kote pa inyorans fanmi l, olye yo te pran bonè ak moun yo se te gaz yo te konn ba yo pandan ke granmè l te fè kansè vesikil bilè epi granpè l te fè kansè fwa, lè yo te vin dekouvri sa li te getan twò ta, daprè sa l di nou epi yo mouri. Se nan sans sa, Kerry Norbrun te di tèt li pito l itilize konesans li pou ede moun yo pwoteje sante yo.

Amelyorasyon kay moun yo epi fidbak

Medsen David Laurangilles kwè gen amelyorasyon ki fèt nan nivo ledikasyon moun yo parapò ak travay medsin prevantiv jèn medsen oubyen etidyan nan medsin yo ap fè sou rezo a

« Gen ti amelyorasyon ki fèt. Moun yo plis ekri yon medsen anvan yo pran desizyon epi yo plis fè nou konfyans tou ».

Faïly Ander Trazil pa kache nou satisfaksyon li de travay la pandan l twouve fidbak yo pozitif

« Youn nan pi bèl sansasyon mwen viv ak entènot yo se chita ap gade yo k ap pale de atik mwen epi reponn lòt moun ki poze kesyon nan kòmantè yo akoz yo li atik mwen ki te genyen repons kesyon moun lan poze a ».

Doktè Kerry Norbrun ale prèske nan menm sans ak kòlèg li Faïly pou montre fidbak la pozitif

« Moun yo pataje konesans lan ak lòt moun, vin gen plis ayisyen ki entèrese a mesaj sante yo jodia. M te menm arive sansibilize 2.2 milyon moun a paj mwen an tèlman moun yo pataje konesans lan ».

Doktè Faïly Ander Trazil fè konnen travay li a pa ret sèlman sou rezo a, li touche tout kouch paske selon sa l di jèn konn pran atik li yo epi ale fè edikasyon sante nan legliz, pwofesè konn pran yo pou pataje ak elèv, ki fè l estime travay li a touche tout kouch menm kan li menm se sou rezo a li plis rete ap edike an majè pati entènot yo.

Pakont, David Laurangilles di l gen lòt plan ki an deyò de rezo sosyo a, kote l konte fè konferans nan lekòl, legliz ak inivèsite.

Doktè Kerry Norbrun avwe ke l fè anpil konferans nan kapital la kou an pwovens

« M patisipe nan anpil inisyativ pou ane a ki gen rapò a sante, anpil kanpay. M pran anpil inisyativ ki gen rapò sante an deyò de Facebook ».

Doktè Kerry Norbrun gen anviwon 148 mil abòne sou paj Facebook li, David Laurangilles gen 5 691, Faïly Ander Trazil gen 21 mil, yo trè prezan sou Facebook la yon fason pou sansibilize, fòme, enfòme ak edike yon sosyete ki prèske neglije koze sante an Ayiti ki toujou gen rekou ak fèy, kay ougan pandan fò souvan ka maladi a konn pa sa li jis s on ka medsin.

Dekouvri plis :

Kidnapè yo libere Magdala Louis granm maten an

Plus de contenu

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile