Nan yon videyo ki ap sikile anpil sou rezo sosyal yo montre yon sitwayen sou yon tèt kamyon kote yon polisye pran l voye l anba epi lòt kòlèg polisye parèy li yo maltrete li ak kou pandan l fin sot tonbe sou tèt bis la.
Non sitwayen sa se Péguy Siméon ki rann dènye souf li apre pil britalite polisye yo kont li. Yon bagay ki degaje anpil kòlè ak fistrasyon bò kote entènot yo ki pa sispann pataje videyo a, kòmante epi mande jistis pou viktim lan.
Fritz Saint-Fort ki se komisè divizyonè an menm tan Direktè depatmantal PNH la nan Nòdès konfime pou l di polisye ki komèt zak sa yo idantifye pa enstitisyon lapolis la ki kenbe badge ak zam 4 ajan UDMO sa yo epi mete yo an izolman.
Pi lwen, komisè divizyonè a nan detay li bay fè konnen Enspeksyon Jeneral nan Gran Nò sezi li de dosye sa pou kapab ba l swit atravè yon ankèt. Rapò final la ap ale jwenn Enspeksyon Jeneral polis la pou swit administratif.
Daprè dènye enfòmasyon yo, Péguy Siméon mouri kite yon madanm ak 2 pitit. Li se yon depòte kote otorite dominiken te voye l tounen bò isit.
Si nan yon premye moman enfòmasyon te fè kwè tèt li pati, lòt enfòmasyon lèse kwè li te twouve l sou tèt bis sa ki t ap pote misyonè ki te an pelerinaj, paske l te bezwen rantre lakay li. Yo te mande l desann li pa vle, se la moun bis yo te rive fè apèl ak lapolis ki vin bay sèn regretab sa.
Apre idantifikasyon polisye fotif yo, anpil moun ap tann sanksyon pou polisye sa yo. Zak sa vin mete plis lwil sou dife a nan yon moman anpil moun toujou ap kritike move konpòtman fòs lòd yo fas ak moun yo te ka metrize fasil san fè britalite kont yo.
Dekouvri plis:
12 mai 1984: décès de Maurice Sixto, conteur et diseur Haïtien de renommée internationale