Aktyalite AN KREYÒL

Yon endividi fè tèt li pase kòm anplwaye MENFP vòlè telefòn elèv nan sant egzamen kolèj Saint-Joseph du Cap-Haïtien

Yon endividi fè tèt li pase kòm anplwaye MENFP epi vòlè telefòn anpil elèv nan sant ekzamen kolèj Saint-Joseph du Cap-Haïtien (FIC).

Yon endividi yo pa rive idantifye fè tèt li pase kòm anplwaye ministè edikasyon nasyonal delege depi Pòtoprens pou vin sipèvize nan sant ekzamen kolèj Saint-Joseph du Cap-Haïtien (FIC) anpil moun konnen sou non kay frè Okap yo. Li arive twonpe vijilans anpil moun epi vòlè plizyè telefòn elèv ki t ap konpoze nan espas la aprè l te fin mande yo remèt li telefòn yo aprè y ap pase rekipere l nan Direksyon santral lekòl sa, selon sa responsab sant egzamen an, Adolphe Wilson, fè konnen epi denonse nan mikwo laprès.

Daprè responsab sant lan, ekzamen an t ap byen dewoule jistan ensidan sa rive. Li di l te nan biwo l lè l tande bri epi sot deyò epi ta pral aprann pa yon siveyant ke endividi a te rantre nan sal, li prezante badge epi di se ministè a ki voye l pou ranmase tout telefòn. Elèv ak siveyan sal pa t replike epi remèt telefòn yo.

Lekòl sa transfòme an 2 sant ekzamen FIC 1 ak FIC 2. Yo pa t wè tras endividi sa aprè l fin fè zak malonèt sa. Adolphe Wilson pote kritik pou l di si te gen 2 polisye, yo te ka pi fasil pou depoze lapat sou endividi sa men malerezman se yon grenn polisye pou tout espas la, selon sa l di. “Yon lekòl ki vas tankou kay frè a ta sipoze gen 2 polisye malerezman se yon sèl yo voye”, se konsa l te reponn pou montre iresponsabilite Leta a.

Toutfwa li fè konnen gen 2 elèv ki di l yo konn abitye wè endividi a bò lekòl Frè Sakre Kè yo men yo pa konn non l.
Li pa t an mezi di konbyen telefòn endividi sa vòlè men li estime li anpil parapò ak jan li wè plizyè elèv ki t ap kriye.

N ap raple w ane pase yon dam moun pa t rive idantifye te fè tèt li pase pou siveyant nan kad premye jounen ekzamen nevyèm ane fondamantal yo. Dam sa rantre nan yon sal egzamen, li kanpe devan l epi konpòte l kou siveyant. Pandan kandida yo ap rantre, li fè yo remèt telefòn ak lajan ki te sou yo avan yo rantre nan sal la. Aksyon sa te pase nan lise “du cent-cinquantenaire” tout moun konnen sou non lise Jèn Fi.

Dekouvri plis:

Yves Junior Delva arrêté pour cybercriminalité et fraude à la carte bancaire

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Résultats partiels des examens de 9ème année fondamentale 2024 : les départements du Nord et du Nord-Est en tête Le Ministère de l’Éducation nationale...

Éducation

Tenue d’une importante rencontre préparatoire relative à la rentrée scolaire entre le PM Garry Conille et les membres du gouvernement. Depuis des années, la...

Éducation

Haïti : le ministre de l’Éducation nationale annonce des mesures pour la rentrée scolaire 2024-2025. Le gouvernement haïtien a fixé au mardi 1er octobre...

Actualités

Nominations de directeurs généraux au sein du gouvernement de transition et d’un directeur de cabinet du CPT Dans le cadre de la transition politique...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile