An kreyòl

Yon lane aprè kreyasyon li, platfòm LangKreyolLa kontinye valorize lang kreyòl ak nouvo kontni

Avèk plis pase 4,000 itilizatè aktif, LangKreyolLa ofri eksplikasyon sou pwovèb nan videyo, diksyonè, ak nouvo zouti pou ekspè nan lang lan pandan li planifye inisyativ pou 2025.

Depi oktòb 2023, platfòm LangKreyolLa ap fè chemen li nan pwomosyon lang kreyòl la, ak yon lansman ki te gen ladan l 10,000 mo, 1,800 pwovèb, ak 12 nosyon fondamantal sou lang lan. Atravè yon kontni rich ak divès, itilizatè yo jwenn definisyon, eksplikasyon, ak referans kiltirèl sou sit langkreyolla.com.

Nan yon ane, LangKreyolLa rive atire plis pase 4,000 itilizatè aktif, kote an mwayèn chak vizitè pase 2 minit sou platfòm nan. Dapre sa Jhondy Philistin Lens, yon manm fondatè a, konfye nan yon entèvyou ak Juno7. 57% itilizatè yo soti Ayiti, 21% nan Etazini, ak rès la gaye nan divès peyi tankou Repiblik Dominikèn, Kanada, ak lòt kote nan mond lan tankou Lafrans, Chili, Brezil ak Almay. Platfòm nan totalize plis pase 21,000 vizit, e paj diksyonè a pou kont li okipe 42% nan vizit sa yo, avèk plis pase 7,500 rechèch fè depi lansman an.

Pou kontinye devlope kontni, LangKreyolLa te akeyi 20 nouvo manm nan estaf la pou kontribiye ak nouvo materyèl sou sit la. Ekip la ap soumèt kontni yo sou yon lòt platfòm espesyalman dedye pou estaf la, estaf.langkreyolla.com, kote tout dokiman sibi yon verifikasyon avan yo vin aksesib pou piblik la.

Anplis de sa, LangKreyolLa ajoute yon nouvo ribrik videyo, ki mete aksan sou eksplikasyon pwovèb kreyòl nan yon fòma vizyèl ki plis adapte ak bezwen piblik la. Moun ki ap okipe kontni odyovizyèl sa yo se Pierre Yashah Dania, pandan LangKreyolLa fè konnen yo louvri pou lòt kontribitè ki vle patisipe nan pwomosyon lang lan. Moun sa yo ka kontakte yo nan kontak@langkreyolla.com pou antre an kontak ak ekip la.

Ak plis pase 20 pwovèb anrejistre an videyo sou https://langkreyolla.com/videyo.html, platfòm nan ap chèche atire plis enterè piblik la. Selon Jhondy, gen gwo pwojè k ap tann pou 2025, toujou ak objektif pou mete lang kreyòl la an valè e pwouve enpòtans li nan sosyete a.

À lire aussi:

Ballon d’Or 2024 : Vinícius Júnior serait privé du trophée, Rodri pressenti comme vainqueur

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

An kreyòl

Selebrasyon 28 Oktòb la raple nesesite pou ranfòse plas kreyòl la nan edikasyon ak nan tout aspè lavi chak jou pou asire transmisyon eritaj...

An kreyòl

Lis non 10 nouvo Akademisyen ak yon konseye konsiltatif ki enstale nan tèt Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA). Nan yon seremoni enstalasyon ki fèt...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon konferans deba te òganize jodi mèkredi a ak plizyè etidyan fakilte Lengwistik sou lang Kreyòl Ayisyen an. Anbasad Lespay an Ayiti nan tèt...

Aktyalite AN KREYÒL

Akademi Kreyòl Ayisyen  ap rekrite etidyan finisan nan Fakilte Lengwistik Aplike ak Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik  Nan yon nòt li mete deyò, Akademi...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile