Yon ventèn lidè kominotè chita pale ak minis edikasyon Nesmy Manigat pou wè estrateji ki dwe anplwaye pou lekòl relouvri nan blòk Matisan ak zòn ki anviwonnen l yo.
Yon ventèn lidè kominotè ki soti nan zòn Matisan rankontre minis edikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat, yè vandredi 21 janvye 2022 a, yon fason pou wè pa ki mwayen lekòl ki twouve nan blòk sa ta kapab refonsyone menm jan Lise Nasyonal Lasalin ak Lise Nasyonal Site Solèy retounen louvri pòt yo aprè 3 an yo pa t ap fonksyone.
Nan rankont li ak lidè òganizasyon kominotè yo, Nesmy Manigat te pwofite koute moun yo ki t ap dekri ba li sitiyasyon twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens ap viv chak jou ki jou kote kesyon ensekirite a trè kritik soti zòn premye Avni pou rive nan blòk Matisan 23.
Malgre tablo kritik sa lidè kominotè yo drese bay minis lan, Nesmy Manigat estime vyolans sa yo pa dwe bloke inisyativ moun zòn yo pran pou lekòl kapab retounen fonksyone. Li fè konnen si moun yo rete fikse sitiyasyon kritik sa, « nou kapab pa janm tante fè anyen pou timoun yo ki vle ale lekòl epi ki dwe ale lekòl ».
Nesmy Manigat rete kwè aktivite lekòl yo kapab reprann nan Matisan. Nan sans sa, li envite moun yo pran wout dyalòg, pou lidè kominotè yo mobilize pou pèmèt pòt lekòl yo louvri youn aprè lòt.
Lidè kominotè yo ki kwè nan reyouvèti lekòl yo nan zòn Matisan ak blòk ki antoure l yo, koumanse pale ak moun ki gen kapasite pou enfliyanse lòt moun yon fason selon sa yo di pou aji nan enterè timoun yo.
Akoz sa ki ap dewoule nan zòn Matisan an, Lise Jacques Roumain ki nan Gran Ravin pa fonksyone nan lokal li, timoun yo epapiye nan lòt lekòl. Plizyè lòt lekòl tankou ekòl nasyonal Repiblik Nikaragwa, Repiblik Pewou, ekòl pwofesyonèl Saint-Surin Manigat, ekòl nasyonal Fortuna Guéry pa kapab fonksyone.
Dekouvri plis:
Sommet sur Haïti: la communauté internationale réaffirme sa solidarité avec Haïti